Accessibility links

Breaking News

2 Seremoni pral dewoule pou Onore Memwa Defen Senatè John McCain Semèn sa a


Plizyè Dozèn Moun te Ret Gade Kobya Kap Pote Kadav Senatè AQrizona John McCain Samdi Pase.AP/Ross D. Franklin.
Plizyè Dozèn Moun te Ret Gade Kobya Kap Pote Kadav Senatè AQrizona John McCain Samdi Pase.AP/Ross D. Franklin.

Senatè John McCain, ki sot mouri samdi pase apre yon batay manch long ak yon maladi kansè nan sèvo, pral benedisye 2 seremoni pou onore memwa li nan eta Arizona ak nan kapital Etazuni an, Washington d.C. Yo pral ekspoze kadav defen senatè-a an premye nan lejistatu eta Arizona a, kote yon seremoni prive pral fèt mèkredi kap vinn la a, swa jou ki ta pral fè mesye McCain 82 zan si l te vivan toujou.

Moun nan publik la pral kapab rann li yon dènye omaj . Nan jedi kap vinn apre a, gen yon mès ki pral dewoule nan legliz batiss North Phoenix la. Isit Washington, kote drapo Etazini an monte a demi-ma, yo pral ekspoze kadav defen senatè a nan Capitoll Hill vandredi pwochen. publik la pral an mezi pou antre andedan an pou vinn rann li yon dènye omaj. Senatè John McCain tounen 13zyèm manm sena Etazuni ki pral ekspoze nan Capitol Hill, yon onè ki rezève pou sitwayen enpòtan, dapre architèk kongrè ameriken an.

XS
SM
MD
LG