Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Depaman ant Responsab Dominiken ak Reponsab Ayisyen nan Kad yon Boukantay Kout Zam sou Fowntyè a


Fowntyè Ayiti ak Sen Domeng nan zòn Beladè.
Fowntyè Ayiti ak Sen Domeng nan zòn Beladè.

Nouvel ki soti Santo Domingo, Republik Dominikèn, fè konnen yon ensidan ki dewoule sou fwontyè a nan weekend nan, pwovoke reyaksyon depaman ant otorite 2 peyi yo. Prezidan Jovenel Moise te itilize rezo sosyal Twitter pou l denonse sa l konsidere kom vyolasyon twoup dominiken fè sou teritwa ayisyen an. Daprè otorite peyi vwazen an , yo solda l yo pat antre an Ayiti , e yo gen prèv pou jistifye deklarasyon yo fè sou kesyon an.


Majistra vil Beladè a , Ledoux Macklish, deklare bay jounal Le Nouvelliste ensidan an rive nan zòn neut ki separe 2 peyi yo , men se dominiken ki kontwole li. Daprè majistra a toujou . solda dominiken yo te reponn kif kif pou zam ki tap soti bò kote ayisyen yo. Bila: 6 moun pou pipiti blese bò kote ayisyen yo mete ak yon solda dominiken selon laprès dominikèn

XS
SM
MD
LG