Accessibility links

Breaking News

Pentagòn nan Ranvwaye Yon Parad Militè Prezidan Trump te Rekòmande


Prezidan Donald Trump ak Prezidan fransè a Emmanuel Macron, pandan yo t ap asiste parad Jounen La Bastille la sou plas Champs Elysees a nan Pari, nan dat 14 jiyè 2017. (Foto: Achiv).
Prezidan Donald Trump ak Prezidan fransè a Emmanuel Macron, pandan yo t ap asiste parad Jounen La Bastille la sou plas Champs Elysees a nan Pari, nan dat 14 jiyè 2017. (Foto: Achiv).

Ozetazini, Pentagòn nan (Depatman Defans la) fè konnen otorite yo deside ranvwaye pou omwen yon ane yon parad militè ki ta pral dewoule sou demand Prezidan Donald Trump. Pòtpawòl depatman an, Kolonèl Robert Manning, ki t ap abòde dosye a jedi ak laprès, deklare:

"Pou kòmanse nou t ap anvizaje posiblite pou nou òganize parade la nan dat 10 novanm 2018 la. Sepandan kounye a nou deside konsidere yon lòt dat nan ane 2019 la."

Nouvèl ki anonse ranvwa parad la tonbe nan moman laprès t ap pibliye enfòmasyon ki di kòmkwa evennman an ta pral koute jiska 92 milyon dola alòske, o kòmansman, otorite yo te anvizaje yon depans ki pa t ap depase 12 milyon dola.

XS
SM
MD
LG