Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Ap Pare Pou Monte Komisyon ki Pral Analize Dosye Premye Minis Nome a, Jean Henry Ceant


Prezidan Sena Peyi Dayiti a , Joseph Lambert.
Prezidan Sena Peyi Dayiti a , Joseph Lambert.

Sena ayisyen an, ki te reyini jedi 16 out la, fòme yon komisyon 7 manm ki pral analize dosye Premye Minis nonmen an mèt Jean Henry Ceant. Desizyon sa a vini nan moman pwochen lokatè Primati a ap rankontre palmantè, pati politik, reprezantan kolektivite teritoryal yo ak manm sosyete sivil la sou fòmasyon nouvo gouvènman an.

Delege Rasanbleman des Democrates Nationaux Progressistes( RDNP), ki t ap patisipe nan 9èm konvansyon pati a, eli ansyen kandida ala prezidans Eric Jean Baptiste kòm nouvo Sekretè Jeneral Pati a. Mesye Jean Baptiste resevwa 224 vwa pou 42 kont vwa pou kandida advès la doktè Jean Ardouin Louis-Charles. Ansyen sekretè jeneral pati a pwofesè Mirlande Manigat se Prezidan donè RDNP ke defen pwofesè Lesly Francois Manigat te fòme pandan li te ann egzil sa gen prèske 40an.

UNICEF anonse Italyèn Maria Luisa Fomara kòm nouvo reprezantan òganizasyon an ann Ayiti. Madan Fomara ap ranplase Marc Vincent ki nan pòs la depi plis pase 3an.

XS
SM
MD
LG