Accessibility links

Breaking News

Plizyè Depite Repibliken Tanmen yon Movman Destitisyon kont Vis- Minis Jistis Etazini an Rod Eosenstein.


Bilding Kongrè Etazini. AP/Susan Wallshh.
Bilding Kongrè Etazini. AP/Susan Wallshh.

Yon gwoup depite repibliken nan chanm dè reprezantan Etazini an lanse yon efò destitusyon kont vis-minis jistis ameriken Rod Rosenstein pou movèz konduit e poutèt li pa vle pataje enfòmasyon ki gen rapò ak ankèt komisè espesyal Robert Mueller ap mennen sou dosye Larisi a.

Mesye Rosentein ap supèvize envestIgasyon sou enjerans Larisi nan eleksyon 2016 la Ozetazini depi lè patron li minis jistis Jeff Sessions te finn rale kò l ladann.

Vis- minis Rod Rosenstein te nonmen ansyen direktè FBI Robert Mueller antanke pwokirè espesyal ki, limenm, deja akize ofisyèlman plizyè moun, divès manm nan ekip kanpay prezidansyèl mesye Trump la. Yon potpawòl depatman jistis Etazuni an pat vle fè komantè lè Lavwad-lamerik te poze l kesyon sou dosye destitisyon an.

XS
SM
MD
LG