Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Pwofil Pwochen Premye Minis la, Daprè Pòtpawòl Prezidans la.


Nan yon entèvyou Lucien Jurat, pòtpawòl prezidans la ann Ayiti, bay laprès, li fè lepwen sou diferan eleman ki ta dwe fòme pwofil Premye Minis Prezidan Jovenel Moise ap chache a. Se rehechs a aa ki motive yon seri de kontak chèf deta ayisyen an ap pran depi plis pase yon semèn avèk reprezantan deferan sektè vi nasyonal la. Daprè Mèt Jurat, lèt de kreyans pwochen chèf gouvènman an ta dwe reponn kritè sa yo:

1.- Li dwe kapab vini ak yon politik ki, an jeneral, ale nan sans apèl diferan sektè, si se pa “ansanm popilasyon an, te lanse sou fòm “remak”, “sijesyon”, “reyaksyon”) aprè evennman 7 ak 8 jiyè pase a, pou pèmèt otorite yo jwenn pi bon solisyon posib la pou kriz o-pliryèl peyi a ap travèse yo.

2.- Fòk se yon pèsonalite ki, menm jan ak Prezidan Jovenel Moise, rete ouvè pou dyalòg, ki ka fè yon travay de “rassembleur”, ki pa enspire lapèrèz (”frayeur”), men pito “konfyans” nan diferan sektè yo.

Daprè pòtpawòl Jurat, se imaj sa a moun ta dwe genyen nan lespri yo lè yo va konnen ki chwa Prezidan Moise fè pou plas Premye Minis la.

Pou plis detay sou pwofil pwochen chèf gouvènman ayisyen an –jan Prezidan Moise prevwa l la—nou pwopoze ou yon repòtaj korespondan nou nan Pòtoprens, Orpha Dessources.

Repòtaj Orpha Dessources sou pwofil pwochen Premye Minis la jan Mèt Lucien Jurat, pòtpawòl prezidans la, dekri li.
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:10 0:00

XS
SM
MD
LG