Accessibility links

Breaking News

DG PNH la Michel-Ange Gedeon Reponn Kesyon nan Sena a sou Evenman 6 ak 7 Jiyè yo


DGPNH Michel Ange Gedeon
DGPNH Michel Ange Gedeon

Direktè Jeneral Polis la, Michel -Ange Gedeon mansyone fèb mwayen enstitisyon PNH la kòm youn nan rezon ki lakoz lapolis pat twò efikas pandan evenman kraze-brize nan Pòtoprens 6 ak 7 jiyè 2018 yo.

DGPNH la fè kwè otorite gouvènmantal yo pat avèti lapolis atan pou l te ka mobilize tout resous li pou te reponn ak reyaksyon sou ogmantasyon pri gaz la. Mesye Gedeon pale konsa nan yon seyans konvokasyon wo eta majò PNH la kap reponn kesyon devan Sena a madi 24 jiyè 2018 la. Semèn pase a, Minis kominikasyon gouvènman demisyonè a, Guyler C. Delva te di nan yon konferans pou laprès li enpòtan pou DGPNH la ta bay eksplikaston sou konpòtman lapolis pandan evenman vyolan nan Pòtoprens yo.

Anons sou ogmantasyon pri gaz la te lakoz plizyè magazen Delimart ak lòt biznis piye konplètman, yon sitiyasyon ki te debouche sou demisyon Premye minis Jack Guy Lafontant malgre gouvènman li an te deside anile ogmantasyon pri gaz la.

XS
SM
MD
LG