Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ris la, Vladimir Putin, Blame Kouran Politik Ozetazini Kap Eseye Lage Vèni sou Somè Helsinki a.


Prezidan Ris Vladimir Putin Pran Lapawol nan Moskou nan Dat 19 Jiyè 2018. AP/ Sergei Karpukhin.
Prezidan Ris Vladimir Putin Pran Lapawol nan Moskou nan Dat 19 Jiyè 2018. AP/ Sergei Karpukhin.

Prezidan Larusi Vladimir Putin blame byen blamer fòs pol;itik yo Ozetazuni deske yap eseye minen somè Helsinki prezidan Trump te mete sou pye ansanm avek li, nan moman lidè ameriken-an deklare rankont la yon suksè total kapital e ke li paka tann pou yon lòt konferans ta dewoule ant yo 2-a ankò. Nan premye aparisyon lidè Kremlen-an fè an publik depi somè lendi-a li di diplomat russ,

" Nou wè genyen fòs andedan Etazuni ki pare pou sakrifye relasyon ant Moskou ak Washington akoz anbisyon pèsonèl yo nan kad yon batay politik entèn kap dewoule nan peyi-a.Li tap yon bagay nayif pou moun ta panse pwoblèm ant 2 pi gwo supèpuisans nikleyè nan lemond ta kapab jwenn yon solisyon nan kèk èdtan sèlman. Sepandan, chemen nan direksyon chanjman pozitif la deja trase. Li esansyèl pou siyale gwo kokenn rankont ki deja dewoule a te pèmèt nou pale fas-s-fas. Nou pral wè kijan bagay yo pral devlope nan lavni."

Prezidan Vladimir Putin lanse avètisman tou pou di fòs moun pa konnen Ozetazini kapab eseye anpeche pwogrè fèt nan relasyon ant 2 peyi yo ( Etazini ak Larisi ), kote moun pral chache mete enterè pati politik sou tèt enterè nasyonal. Lit politik sa yo kapab afekte ekonomi amerikèn nan.

XS
SM
MD
LG