Accessibility links

Breaking News

Koutje sou Lavi a pou Ayisyen Kap Vin ann Ajantin


Ann Ajantin, sou yon popilasyon 41 milyon sitwayen, 28,6% ap viv nan kondisyon ki ekstrèmman difisil akoz enflasyon an.
Ann Ajantin, sou yon popilasyon 41 milyon sitwayen, 28,6% ap viv nan kondisyon ki ekstrèmman difisil akoz enflasyon an.

Pou jounal Le National kòmanse demontre verite ki genyen nan yon atik li pibliye sou 4èm paj edisyon mèkredi 18 jiyè 2018 la, sou tit “Ajantin: Syèl la kò֊manse vin pi nwa pou resòtisan ayisyen yo”, li pibliye yon refleksyon Kesner Jean Mary kòm premis:

<<Ralantisman aktivite ekonomik yo, akoz yon sitiyayon makwo-ekon imnik maloiuk, gen move konsekans plis sou ayisyen ki PA nan peyi a pase sa ki rete lakay yo. Elajisman gwo labim ki separe moun ki rich yo avèk sila ki pòv yo, mete sou yon gwo ogmantasyon nan nivo povrete a, redui opòtinite travayè etranje yo ka jwenn.>>

Kesner Jean-Mary ajoute: <<Anpil nan konptriyòt nou yo ap fè fas ak difikilte akoz lavi a ki vin pi chè; kèk nan yo pa menm gen mwayen pou yo peye yon lwaye ki, dayè, pa fasil pou moun jwenn; e sa valab ata pou moun ki gen lajan pou lwe kay.>>

Ekzanp: Ayisyen Kap viv nan Peyi Ajantin yo

Youn nan dènye difikilte Ayisyen kap viv nan peyi Ajantin yo te gen pou yo konfwonte, se rezilza yon ajisteman resan sèvis piblik yo, ki lakoz pri kat didantite nasyonal la (Dokiman Nasyonal Idantite, DNI) sòti nan 73 dola ameriken pou l monte rive nan 220 dola U.S. Kèk nan aysienyo te oblije pa achte kèk bagay yo te bezwen poyo te kapab mete yoan règ; paske DNI a se kondisyon minimòm yon moun dwe satisfè pou l jwenn travay oubyen fè pati nenpòt ki enstitisyon nan peyi a e sou nenpòt ki tit. Dapre jounalis Kendi Zidor ki site Kesner Jean-Mary

Konsila Ayisyen an nan Bouenozè

Kendi Zidor ajoute: “Malgre difikilte ki ranmase gwo nyaj sonb nan syèl Ayisyen kap viv ann Ajantin yo, yo pa toujou rive jwenn satisfaksyon lè yo kontakte konsila ayisyen an pou asistans. Pa egzanp, si yon moun fè korije yon erè nan yon dokiman ofisyèl oubyen legalize li, se bagay ki kapab pran lontan e pafwa pwosesis la konn dekourajan; epi dayè, fòk ou rele lontna davans pou w pan randevou anvan pou w kapab fè yon demand kèlkonk.

Daprè chif ki soti nan Enstiti Nasyonal Pou Estatistik ak Resansman nan Ajantin (INDEC), innegalite ant moun rich ak moun pòv ogmante seryezman nan peyi a. Se konsa, sou yon popilasyon 41 milyon sitwayen, 28, 6 pou san ap viv nan kondisyon ki ekstrèmman difisil akoz enflasyon an. Pami dives defi ki devan gouvènman an, gen efò pou redui defisi bibjetè a e pou diminye enflasyon an ak nivo andètman peyi a. Pou fini, jounalis Kendi Zidor raple sa pa gen lontan, FME (Fon Monetè Entènasyonal), te ofri Ajantin yon prè 50 Milya dola avèk kondisyon pou gouvènman an pran angajman pou l pote refòm nan jesyon finans peyi a.

XS
SM
MD
LG