Accessibility links

Breaking News

Ayiti Kiltirèl – Randevou nan Monreyal, Fen Mwa Jiyè


Defile ki ekspoze rad ki fèt ak drapo ayisyen an (Haute couturière Immacula Péricles. Foto: Matiado Vilme/VOA).
Defile ki ekspoze rad ki fèt ak drapo ayisyen an (Haute couturière Immacula Péricles. Foto: Matiado Vilme/VOA).

Anvan lontan, sòti 25 pou rive 29 jiyè 2018 la, plis pase 100 atis kap reprezante kilti ayisyèn nan o pliryèl, pral patisipe nan yon rande-vou avèk moun ki konnen ou ki renmen kilti ak “l’art” peyi d Ayiti a an jeneral oubyen kèk aspè nan kilti sa a ak l’art sa a. Reyinyon 5 jou sa a se yon inisyativ “Fondation Fabienne Colas” ki pral òganize 12èm edisyon yon rande-vou kiltirèl ki rele “Haiti an Folie”/”Ayiti an Foli” nan Monreyal, o Kanada.

Schultz Laurent Junior, ki pale de semèn kiltirèl/atistik sa a nan Jounal an-liyn Le National, fè konnen ane sa a, pami “100 invités de marque yo”, pral genyen akademisyen Dany Laferrière, avèk vedèt ki reprezante divès fasèt mizik ayisyèn nan tankou Emmeline Michel, Beetova Obas, Toto Laraque, elt…

Liv se zouti ki bay konesans e ki wete moun nan fènwa.
Liv se zouti ki bay konesans e ki wete moun nan fènwa.

Pou edisyon 2018 la, an plis jan kiltirèl e atristik tankou mizik, sinema, teyat, dans, litereti, kont, atizana ak penti, festival la pral genyen ladan n yon eleman nouvo, paske òganizatè yo pral entwodui pou la premyè fwa sa yo rele <<Premye gwo “foire” sou kuizin ayisyèn nan.>> Objektif la se ofri patisipan yo ak vizitè yo yon okazyon pou yo anmize bouch yo epi dekouvri (ou re-dekouvri) karaktè tipik kuizin peyi d Ayiti a gras ak talan e pwofesyonalism restoratè ayisyen ki nan Monreyal yo.

Sou plan literè a, plis pase 50 ekriven pral ekspoze liv yo. Pèsonalite oganizatè yo ap distenge ane sa a se:

Dany Laferrire, Prezidan Donè;- Francien Grimaldi, anbasadris;- Wesli ak Fabienne Colas se pòtpawòl.

Men yon pati nan pwogram nan pou edisyon 2018 la:

27 jiyè: Konferans;

28 jiyè: a).- 2 bann rara pral pran lari nan Monreyal; b).- Konsè avèk Beetova Obas, Emmanuel Obas, Patrice Rousier, elt…;

29 jiyè: Randevou avèk Emmeline Michel, “rèn chanson kreyòl la...”

Daprè jounalis Laurent Junior, vizyon òganizatè yo ap pouswiv se “fè konnen Ayiti nan tout divèsite li, tout reyonnman li ak tout richès li.” “Ayiti an Foli”, k ap make 11èm anivèsè fondasyon li ane sa a (2007-2018), se selebrasyon kilti ayisyèn nan nan mitan kè vil Monreyal menm.

XS
SM
MD
LG