Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Rankontre ak Tokay Ris li Vladimir Putin nan Kad yon Somè Bilateral nan Helsinki, Fenland.


Prezidan ameriken an, Donald Trump, rankontre ak tokay riss li Vladimir Putin nan kad somè kap dewoule lendi 16 Jiyè 2018 la nan Helsinki, kapital Fenland. Nan moman jounalis tap fè foto pou 2 lidè yo, prezidan Putin deklare " Moman an rive pou nou gen yon konvèsasyon an pwofondè sou relasyon bilateral yo ansanm ak rejyon ki chofe sou planèt la.

Prezidan Trump limenm mete yon mesaj sou kont Twitter li pou di relasyon ant Etazini ak Larisi nan nivo ki pi ba a akoz supidite ameriken yo, men li espere ranje situasyon an atravè chita-pale yo.

" Mwen panse nou genyen yon bonjan chans pou travay ansanm antanke 2 peyi. Franchman, nou pa antann nou trè byen depi ane ki pase yo. Sa pa gen lontan depi mwen prezidan, sa gen preske 2 zan. Mwen kwè gen posiblite pou nou genyen yon relasyon ekstraodinè. Se sa mwen espere. Map di sa depi lontan, e mwen si nou tande li deja pandan ane ki pase yo. Mwen te di nan kanpay mwen an, relasyon ak Larisi, se yon bon bagay, se pa yon move bagay. mwen reyèlman panse lemond vle pou nou antann nou.

Nan moman otorite yo tap fè jounalis yo soti nan sal la, 2 lidè yo pat vle reponn okenn kesyon sou enjerans Laris nan leksyon prezidansyèl 2016 la isit Ozetazini.

XS
SM
MD
LG