Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Vyolans - Apèl Diferan Sektè pou yo Mande Retablisman Lòd nan Peyi a


Nan Pòtoprens, sektè prive a kondane zak kraze-brize yo; Gouvènman an mande tout sektè travay pou trankilite.
Nan Pòtoprens, sektè prive a kondane zak kraze-brize yo; Gouvènman an mande tout sektè travay pou trankilite.

Lavi a rekòmanse timidman nan Pòtoprens, ann Ayiti, aprè yon seri de manifestasyon ki te mache ak zak piyaj ak dechoukaj e ki te debouche sou destriksyon ki afekte sektè komèsyal la. Evennman sa yo gen move konsekans sou antrepriz ak enstitisyon prive e piblik yo, menm jan ak sitwayen ayisyen yo ak etranje k ap viv nan peyi a.

REYAKSYON

Fowòm Ekonomik sektè prive ayisyen an pibliye yon kominike kote l kondane zak vyolans yo e li mande demisyon Premye Minis Jack Guy Lafontant apre leve-kanpe sa yo ki te dire 3 jou e ki frape kapital la ak vil pwovens yo. Fowòm nan fè anons sa a nan moman reprezantan 3 pouvwa yo te reyini pou yo eseye jwenn yon solisyon konvenab pou kriz la. E apèl li lanse pou mande demisyon Premye Minis Jack Guy Lafontant a rejwenn yon demand menm jan ki te deja sòti bò kote depite Petionvil la Jerry Tardieu. Sepandan, pou Minis Kilti ak Kominikasyon an Joseph Guyler C Delva, demisyon Premye Minis la pa t fè pati rankont msye Lafontant te fè lendi 9 jiyè a ak manm kabinè ministeryèl la.

Vyolans ann Ayiti - Fòs de lòd yo ap debleye lari yio nan Pòtoprens.
Vyolans ann Ayiti - Fòs de lòd yo ap debleye lari yio nan Pòtoprens.

Nan diskou Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pwononse nan sikonstans la, li rann otorite k ap jere kominikasyon gouvènman an responsab pou sa k pase a, paske yo pa t eksplike popilasyon an rezon ki te dèyè desizyon pou l monte pri pwodui petwolye yo. Jounal Le Nouvelliste rapòte pawòl yon responsab lapolis ki ta fè konprann gouvènman an pa t mete dirijan PNH yo okouran de desizyon sou ogmantasyon pri gaz la aloske lapolis te byen kapab ede otorite yo pran dispozisyon sekirite ki te nesesè pou evite kantite dega zak vyolans yo koze.

Core Group la --ki gen ladan n reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an Ayiti, anbasadè peyi Lalmay, Brezil, Kanada, Lafrans, Lèzetazini, Lespay, Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), fè li gen kè-sote apre manifestasyon ki dewoule nan peyi a. Manm gwoup la --ki pa kache tristès yo e ki kondane zak vyolans yo-- mande otorite nasyonal yo angaje yo nan yon dyalòg apwofondi ak patisipasyon tout sektè enpòtan peyi a nan kad efò ki dwe fèt pou kalm retounen epi asire sekirite popilasyon an ak byen yo, epi yo bay Ayiti asirans yo pral kontinye soutyen li.

Pandansetan, Depatman Deta ameriken an relanse yon avi kont vwayaj li te deja pibliye konsènan Ayiti, --yon peyi ki toujou rete nan nivo 4 la, sa vle di Depatman Deta a bay yon sitwayen konsèy pou l pa vwayaje ann Ayiti si se pa pou yon bezwen enpòtan ou ijan. Yon lòt kote, gouvènman ameriken an otorize depa volontè manm pèsonèl ki pa ijan/esansyèl nan misyon diplomatik li nan Pòtoprens, ak tout manm fanmi yo.

XS
SM
MD
LG