Accessibility links

Breaking News

Yon Pitit Gason Lidè Eta Islamik Abu Bakir Al-Baghdadi Mouri Nan yon Misyon Suisid Nan Siri.


Pitit gason lidè gwoup eta islamik Abu Bakir Al-Bagdhadi, dapre sa nouvèl yo rapòte , mouri nan yon misyon atak suisid ki dewoule nan vil Homs, nan pati lwès peyi Siri. Medya gwoup -la, Al-Nashir News, publiye yon foto jèn tigason ki se swadizan pitit Al-Bagdadi, an palan de Hudayifah Al-Badri, kote yo presize li pèdi lavi li nan yon operasyon kamikaz kont sòlda russ ki deplwaye nan vil Homs pou ede sòda lame Siri a. Bò kote pa yo, responsab militè ameriken di yo wè foto-a, men yo pa bay okenn konfirmasyon sou kesyon an paske se yon atak ki fèt andeyò fòs kowalisyon yap dirije a.

XS
SM
MD
LG