Lidè ewopeyen yo dakò ak lide pou pou mentni sanksyon yo enpoze sou Larisi poutèt Moskou te desiside anekse prèskil Krime ikrèn nan an 2014. Lidè yo deklare jodi vandredi a yo pral pwolonje sanksyon yo pou 6 mwa kap vini la a.
Gwo responsab ewopeyenyo pran desizyon sa a pandan yon nan Briksèl, kapital Beljik, apre yon diskisyon tou kout sou Ikrèn, dapre sa yon sous ki pa vle non li site di ajans France-Presse. Antretan, Etazini mentni tou sanksyon kont Moskou pou menm rezon an.