Accessibility links

Breaking News

Imigrasyon USA - Separasyon Fini: Prezidan Trump Deside pa Dekrè Pèmèt Paran Timoun ki Antre sou Fwontyè a Rete ak Pitit yo.

Moun ki tap patiispe nan yon meeting de mas devan lokal biwo Gouvènè Eta Massachusetts la, nan Boston, mèkredi 20 jen 2018 la pou yo te pwoteste kont fason otorite yo trete imigran ni sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik la, ni nan Eta Massachusetts.

Ozetazini, yon jou aprè prezidan Donald Trump te defèt yon pollitik kote gouvènman li a t ap separe ti moun imigran ak paran yo ki rive sou fwontyè Lèzetazini ak Meksik la, Chanm Depite a pwograme yon sesyon pou jedi 21 jen 2018 la pou palmantè yo vote sou 2 pwopozisyon-lwa ki poze kesyon separasyon sa yo epi trete lòt dosye ki lage divizyon ant 2 pi gwo pati politik peyi a.

Pandan Misye Trump te pran lapawòl nan yon rasanbleman elektoral nan Eta Minnesota mèkredi swa, li pa di anyen sou move apwòch li te pran konsènan kesyon imigrasyon an, men li lanse gwo atak sou Demokrat yo. Lidè ameriken an deklare:

Prezidan Trump ki t ap kite podyòm nan aprè li te fin pran lapawòl nan yon meeting de mas nan vil Deluth, Eta Minnesota, mèkredi 20 jen 2018 la. Se premye rasanbleman politik lidè ameriken an asiste nan yon eta demokrat depi eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la. Misye Trump te pèdi Minnesota avèk yon maj tou mens.

"Kidonk, Demokrat yo ta renmen nou kite fwontyè nou yo byen ouvè... yo ta vle pou n kite tout moun antre; pou tout moun antre pa bann e pa pakèt. Yo ta vle nou fèmen je nou sou sa, pou n kite moun Mwayen Oryan, moun tout kote sou latè antre libreman nan peyi a... epi pou nou kriye "anyen sa!". Ebyen, nou p ap kite sa rive. Apwopo: mwen siyen jodi a yon dekrè prezidansyèl k ap pèmèt nou kite manm fanmi yo rete ansanm. Sepandan, menm jan ak nan le pase, sekirite a ak siveyans la pral rete byen janm, byen solid sou fwontyè a."

Prezidan Trump rale back politik sa a aprè li te resevwa anpil atak bò kote ni lidè Demokrat, ni lidè Repibliken ki te di yo konsidere separasyon timoun ak paran yo kòm "yon aksyon ki pa imen", sètadi yon aksyon moun san kè e kriyèl.

XS
SM
MD
LG