Accessibility links

Breaking News

Washington ak Sewoul Anile Egzèsis Militè ki te Fikse pou Mwa Out 2018 la


Mannèv militè nan Kore di Sid ant lame peyi a ak fòzame Lèzetazini. Sòlda ameriken yo t ap tire kout zam Howitzers M777, 155 milimèt, nan rejyon Pocheon, tou prè Zòn Demilitarize ki separe 2 Kore yo. (Foto: AFP/Jung Yeon-Je- Dat: 15 mas 2010).
Mannèv militè nan Kore di Sid ant lame peyi a ak fòzame Lèzetazini. Sòlda ameriken yo t ap tire kout zam Howitzers M777, 155 milimèt, nan rejyon Pocheon, tou prè Zòn Demilitarize ki separe 2 Kore yo. (Foto: AFP/Jung Yeon-Je- Dat: 15 mas 2010).

Otorite yo nan fòzame Lèzetazini ak Kore di Sid mete yo dakò pou yo anile egzèsis militè yo te gen pou òganize nan mwa dout k ap vini la a. Daprè deklarasyon ki sòti nan Depatman Defans Kore di Sid la nan matine jounen madi 19 jen 2018 la, gouvènman ameriken an ak ofisyèl sid-koreyen yo pran desizyon an avèk espwa rejim Kim Jong Un nan nan Kore di Nò va konprann yo serye ak kesyon denikleyarizasyon an epi li va bay reyaksyon ki apwopriye yo.

An palan de otorite ameriken yo, Prezidan Donald Trump fè konnen se li menm ki pran desizyon pou l anile sa li rele "jwèt lagè yo" -sa vle di egzèsis militè ant sòlda ameriken ak sòlda sid-koreyen yo- nan moman kote Washington ak Pyonyang antre nan sa Misye Trump konsidere kòm “kèk negosyasyon k ap fèt an tout bòn fwa” sou fason pou pati konsène yo aplike yon akò sou dosye denikleyarizasyon an lidè amerken an ak Kim Jong Un te jwenn pandan yon somè yo te fè sa pa gen lontan nan peyi Sengapou.

Sepandan, daprè otorite yo nan Sewoul –tankou pòtpawòl Depatman Defans la, Choi Hyun-Sou-- egzèsis militè yo toujou gen enpòtans yo e anyen pa di Lèzetazini ak Kore di Sid pa pral òganize kalte akivite konsa ankò an tèt ansanm nan lavni. Madam Choi deklare:

"Lèzetazini ak Kore di Sid kontinye fè chita-tande sou dispozisyon yo ka pran sou dosye a; men pou le moman nou poko pran okenn desizyon sou plis egzèsis militè nou ka fè ansanm."

Pandansetan, prezidan sid-koreyen an, Moon Jae-In, lanse apèl pou l mande kowoperasyon Lèzetazini nan efò pou pare teren an yon fason pou pèmèt Kim Jong Un rete nan jwèt la; pa egzanp, lidè sid-koreyen an ensiste sou nesisite pou Washington ak Sewoul montre fleksibilite nan fason y ap mete presyon militè sou Kore di Nò si aplikasyon akò Sengapou a ap fè pwogrè.

Finalman pòtpawòl Pentagòn nan ou Depatman Defans ameriken an, Dana White, deklare egzèsis militè Lèzetazini te anonse nan rejyon Pasifik ak kèk lòt peyi pral kontinye jan yo te programe yo a.

XS
SM
MD
LG