Accessibility links

Breaking News

Defansè Viktim Kolera yo ann Ayiti Mande Nasyon Zini Akselere Pwosesis Reparasyon an


Viktim ki te rive chape anba epidemi kolera a ann Ayiti t ap pwoteste kont Misyon Mentyen Lapè Nasyon Zini an devan katye-jeneral l'ONU an nan Pòtoprens, Ayiti. (Foto: Dosye).
Viktim ki te rive chape anba epidemi kolera a ann Ayiti t ap pwoteste kont Misyon Mentyen Lapè Nasyon Zini an devan katye-jeneral l'ONU an nan Pòtoprens, Ayiti. (Foto: Dosye).

Sa pa gen lontan, plis pase 100 palmantè ameriken --pami yo te genyen 2 zanmi Ayiti: Depite Maxine Waters (D-Kalifòni), avek Frederica WIlson (D-Florid)-, te voye yon lèt bay Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon-Zini sou dosye Kolera a nan peyi d Ayiti. Yo te atire katansyon dirijan l'ONU an sou le fèt ke, dapre tout aparans, dosye a ap make pa an plas san vrèman avanse, menm lè òganizasyon mondyal la te pwomèt, depi ane 2016, li ta pral pran swen viktim yo.

Pliziyè mwa apre lèt la te rive jwenn Sekretè Jeneral l'ONU an, kesyon ap poze pou mande, antwòt, eske korespondans depite ameriken yo bay rezilta palmantè yo te esperè a -sètadi pwovoke yon akselerasyon nan aksyon Nasyon Zini ap pran pou l bay viktim yo satisfaksyon.

Entèvyou Serge Rodriguez avek Avoka Brian Cocannon sou << L'ONU ak Kolera ann Ayiti >>
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:36 0:00

lDirektè Egzekitif Enstiti Jistis ak Demokrasi pou Ayiti, Mèt Brian Concannon -ki baze nan vil Boston, Eta Massachusetts, Ozetazini-- pote kèk eleman repons pou nou nan yon entèvyou avèk Serge Rodriguez.

XS
SM
MD
LG