Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Defann Akò li Jwenn ak lidè Kore Dinò Kim Jong Un


Prezidan Trump ap Mache ak Lidè Kore Dinò Kim Jong Un sou Zile Sentosa nan Sengapour nan dat 12 Jen 2018. AP/ Evan Vucci.
Prezidan Trump ap Mache ak Lidè Kore Dinò Kim Jong Un sou Zile Sentosa nan Sengapour nan dat 12 Jen 2018. AP/ Evan Vucci.

Prezidan Donald Trump defann akò li jwenn ak lidè Kore Dinò a, Kim Jong Un, kote li di lemond rale yon gwo kokenn bak sou yon posib dezas nikleyè. Mesye Kim dakò madi pase pou'l denukleyarize preskil Kore a konplètman pandan somè istorik ki te dewoule ant 2 lidè yo nan Singapour nan dat 12 Jen 2018 la. Pandan rankont sa a, mesye Trump te fè yon anons sanzatann pou di li pral kanpe sou egzèsis militè Etazuni abitue fè chak ane ak Kore du Sud-la. Lokatè mezon blanch la deklare sou chèn televizyon Fox News apre somè-a lidè nor-koreyen an pral kòmanse aplike akò a osito li retounen nan peyi li.

" Mwen jus panse nou pral komanse pwosesus denukleyarizasyon Kore Dunò, e mwen kwè li pral retounen lakay li pou'l mete anatant-la an aplikasyon".

Dokiman prezidan Trump ak lidè Kim Jong Un siyen an pa bay okenn detay sou kijan e kilè Pyongyang pral tanmen kesyon denukleyarizasyon-an, ni yo pa di nonplis tou ki garanti sekirite Etazuni pare pou l bay Kore Dinò.

XS
SM
MD
LG