Accessibility links

Breaking News

Efò Manm Kongrè Ameriken an pou Rezoud Sitiyasyon Jenn Imigran Ilegal yo Ozetazini


Prezidan Chnam Bas Lèzetazini an, Paul Ryan, ki ta dirije deba sou kesyon imigrasyon an nan Kongrè a jedi 7 jen 2018 la.
Prezidan Chnam Bas Lèzetazini an, Paul Ryan, ki ta dirije deba sou kesyon imigrasyon an nan Kongrè a jedi 7 jen 2018 la.

Nan Washington, lidè repibliken yo nan Chanm Depite a fè anpil efò pou yo rive jwenn yon antant sou sekirite fwontyè Lèzetazini yo e sou destine plizyè santèn milye jenn imigran san papye k ap viv Ozetazini e ki benefisye de yon pwogram ki rele "DACA" --pwogram ki pwoteje yo kont depòtasyon.

Palmantè yo rive jwenn antant sa a a la dènyè minit nan jounen jedi 7 jen 2018 la nan yon rankont yo te òganize avèk objektif pou yo ini manm Pati Repibliken an ki pran pozisyon depaman sou kesyon imigrasyon an. Si yo pa rive jwenn yon antant, gen yon gwoup repibliken modere ki nan pozisyon pou yo lanse yon petisyon epi jwenn ase siyati pou yo fòse yon vòt sou kesyon an avèk itilizasyon yon pwosede lejislatif ki ra anpil.

Youn nan lidè repibliken sa yo, se Depite Mark Meadows ki di, menm lè rankont la te ankourajan, nosyon petisyon an toujou rete sou tab la. Li atire atansyon sou prensipal difikilte ki powvoke mezantant nan dikisyon yo, asavwa prezans Ozetazini plizyè santèn milye jenn imigran ki te antre nan peyi a ilegalman pandan yo te tou piti. Depite Meadows di:

Depite Mark Meadows (Rep-Kawolin di Sid) ki t ap pale ak laprès nan Kongrè a nan Washington. Gen divizyon pami repibliken yo sou fason pou yo rezoud pwoblèm jenn imigran ilegal yo.
Depite Mark Meadows (Rep-Kawolin di Sid) ki t ap pale ak laprès nan Kongrè a nan Washington. Gen divizyon pami repibliken yo sou fason pou yo rezoud pwoblèm jenn imigran ilegal yo.

"A la fen dè fen, vrè pwoblèm ki poze a, se kesyon sitwayènte pou jenn imigran yo e kijan pou n pwosede pou n rezoud pwoblèm nan? Depi o-kòmansman se kesyon sa a ki lage divizyon pami nou."

Sepandan, malgre dikisyon sou disk-syon k ap fèt nan Kongrè a, anpil obsèvatè panse genyen yon pwopozisyon ki deja sou tab la e se li sèlman ki gen chans pase nan 2 chanm yo pou l tounen yon lwa federal aplikab pou tout jenn imigran yo. Se yon plan Prezidan Trump te mete devan Kongrè a sa gen kèk tan. Pami obsèvatè ki pale konsa yo, gen Prezidan Chanm dè Reprezantan an, Depite Paul Ryan ki raple, nan diskou sou Eta Inyon an nan dat 20 janvye 2018 la, Prezidan Trump te detaye 4 pilye ki nan plan li a e ki ta kapab rezoud pwoblèm jenn imigran yo yon fwa pou tout.

Bò kote pa l, lidè minorite demokrat la nan La Chanm, Depute Eta Kalifòni Nancy Pelosi di kolèg demokrat li yo ap rete tann pou yo wè ki pwopozisyon, ki plan ki pral pase. Madam Pelosi fè knnen:

<< Se Bondye sèlman ki konnen ki plan ki pral sòti nan diskisyon yo; an tou ka, m espere Gran Mèt la konnen. Se chak jou n ap priye fò pou sa. Sa gen twò lontan deja depi jenn imigran yo, ki gaye atravè tout peyi nou an, rete bloke anba yon move nyaj lapèrèz pandan yo pa konnen kisa demen ap pote pou yo. >>

Menm si yon pwopozisyon-lwa ta pase nan Chanm Bas la, li pa p resevwa yon bon trètman ditou-ditou nan Sena a kote anpil esè fèt deja ane sa a pou fè yon plan imigrasyon pase; tout tantativ sa yo te sibi echèk aprè echèk.

XS
SM
MD
LG