Accessibility links

Breaking News

Lachin : Dezekilib Boukantay Komès ak Etazuni


FOTO AP/ ANDY WONG . Prezidan Donald Trump ak Prezidan Chinwa Xi Jingping.
FOTO AP/ ANDY WONG . Prezidan Donald Trump ak Prezidan Chinwa Xi Jingping.

Chif la wot men komèsyal Lachinn genyen sou tèt Etazuni an monte rive nan 24 milya 580 milyon dola pou mwa me pase a alòske li te nan 22 milya 150 milyon nan mwa avril la, dapre yon yon rapò sèvis Ladwann chinwa a publiye nan dat 8 Jen 2018. Ekspòtasyon pwodui chinwa nan direksyon Etazuni pran yon ogmantasyon 12 virgul 6 pousan nan mwa me a, yon ti bès tou mens parapò ak 12 virgul 9 pousan mwa davril la. Kwassans sa a depase 10 pousan ekonomis ameriken yo te prevwa-a, dapre yon sondaj ajans nouvèl Reuters te fè sou kesyon-an. Enpòtasyon chinwa yo, sètadi pwodui Lachinn achte nan men Etazuni pran yon agmantasyon 26 pousan soti nan mwa me 2017 pou rive nan me 2018.

XS
SM
MD
LG