Accessibility links

Breaking News

Yon Ekplozyon nan Irak fè plis pase yon douzèn Viktim


Moun Kap Chache Fanmi yo anba Debri Eksplozyon 6 Jen, 2018 la nan Bagdad, Irak. Foto/ Ali Abdul Hassan 6 Jen 2018.
Moun Kap Chache Fanmi yo anba Debri Eksplozyon 6 Jen, 2018 la nan Bagdad, Irak. Foto/ Ali Abdul Hassan 6 Jen 2018.

Nan Irak, omwen 18 moun mouri , pami yo divès fanm ak timoun piti, lè yon depo zam te sote nan katye Saderville kapital-la Bagdad nan sware yè merkredi a. Nan lajounen jodi jedi a , rezidan nan zòn nan tal lonje kou pou konstate destruksyon eksplozyon an koze nan zòn nan. Sepandan genyen nouvèl depaman ki publiye sou ensidan an tankou depo zam-nan te twouve l toupre yon moske alòske premye deklarasyon ofisyèl ki soti nan ministè enteryè irakyen an fè konprann se te yon atak teworis. Otorite yo ouvè yon ankèt sou eksplozyon-an. Saderville, se baz lidè relijyeu anti-ameriken Moqtada Al Sader, e se kowalisyon politik li a ki ranporte plis syèj nan eleksyon palmantè ki sot dewoule nan peyi a mwa pase a.

XS
SM
MD
LG