Accessibility links

Breaking News

Ki Avni ALENA a (Akò Libre Echanj Nò-Ameriken an), si Lèzetazini Sòti nan Antant Komèsyal sa a?

Konferans pou laprès Minis Afè Etranjè Kanada a Chrystia Freeland (a goch), Minis Ekonomi Meksik la, Ildefonso Guajardo Villarreal (mitan) ak Reprezantatn Komèsyal Lèzetazini an, Robert Lighthizer, ki tap pale nan yon konferans pou laprès sou renegosyasyons ALENA nan vil Meksiko, nan dat 5 mas 2018. (Foto AP/Marco Ugarte).

Prezidan Trump ak Premye Minis Kanada a, JustinTrudeau.
Prezidan Trump ak Premye Minis Kanada a, JustinTrudeau.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ap "anvizaje seryezman" pou l jwenn 2 antant separe : youn ak Kanada e lòt la ak Meksik .. olye pou li ta re-siyen ak 2 vwazen sa yo yon Akò Lib Echanj Nò-Ameriken-an (tip ALENA ou NAFTA) ki la depi 2 dizèn lane. Laprès baze nouvèl sa a sou deklarasyon yon konseye ekonomik La Mezon Blanch fè madi 5 jen 2018 la.

Enfòmasyon an parèt tou kek jou sèlman anvan lidè 3 peyi yo (Premye Minis Justin Trudeau (KANADA), Prezidan Donald Trump (Lezetazini) ak prezidan Enrique Penia Nieto (Meksik) fè yon somè sou dosye a nan Kebèk o Kanada.

please wait

No media source currently available

0:00 0:02:37 0:00

Tankou n pral tande sa nan yon repòtaj Lyonel Desmarattes, Premye Minis Trudeau pa kontan ditou ak ogmantasyon taks Prezidan Trump te anonse sa pa gen lontan sou aliminyòm ak asye k ap sòti o Kanada; paske, daprè Misye Trudeau, yon aksyon konsa pa tonbe daplon ditou ak sa k di nan ALENA a. Sèl konsekans sa ka genyen, se jete zizani ant 2 patnè komèsyal tradisyonèl.

XS
SM
MD
LG