Letizia Ortiz, rèn Despay, antre ann Ayiti madi 22 2018 kote lap fè yon vizit 2 jou. Rèn Ortiz ap vizite pwojè kowperasyon espayòl ap finanse. Pandan pasaj rèn nan nan Pòtoprens, l ap gen pou l rankontre Prezidan Jovenel Moise ak lòt otorite ayisyen.
Premeyè dam ayisyen an Martine Moïse te akeyi Rèn Letizia Ortiz nan aewopò Toussaint Louverture nan aprè midi madi 22 me a.
Rèn Ortiz ap rankontre plizyè group fanm k ap travay nan diferan sektè avan li inogire Biwo Kowperasyon Espayòl la nan Pòtoprens.