Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Tump ak Lidè Kore di Sid la, Moon Jae -In, nan La Mezon Blanch


Rankont ant Prezidan Trump ak lidè Kore di Sid l,a Moon Jae-In, pandan yon vizit lidè sid-koreyen an tap fè Washington nan nwa mwa jen 2-017 la. (Foto REUTERS/Jim Bourg/File. In: Achiv): .
Rankont ant Prezidan Trump ak lidè Kore di Sid l,a Moon Jae-In, pandan yon vizit lidè sid-koreyen an tap fè Washington nan nwa mwa jen 2-017 la. (Foto REUTERS/Jim Bourg/File. In: Achiv): .
La Mezon Blanch di: Prezidan Donald Trump ak prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in, gen pou yo rankontre madi 22 me 2018 la nan palè nasyonal Lèzetazini an nan moman anpil obsèvatè pa sispann lage dout sou posiblite pou yon rankont ant prezidan ameriken an ak lidè Kore d Nò a, Kim Jong Un, debouche sou siksè, tandiske kèk lot ap poze kesyon pou yo mande eske somè Trump-Kim nan pral fèt.
Prezidan Jae-in pral eseye pran tèt Misye Trump pou l fè l kwè yon rankont antre li ak Misye Kim kapab debouche sou rezilta istorik. Otorite yo nan Kore di Nò menase pou yo kite rankont la tonbe, paske yo pa kapab aksepte yon kondisyon Washington poze. an palan de sa yo rele "Egzijans Lèzetazini ap fè Kore di Nò pou l elinime totalman pwogram nikleyè a la san otorite ameriken yo pa fè okenn konsesyon nan domèn nan."
Depi Pyongyang fin lanse menas pou l kraze somè a, prezidan Trump ak lòt gwo zotobre nan La Mezon Blanch ensiste pou yo di, si rejim Kim-nan abandone program nikleyè l la, l ap jwenn rekonpans bab-e-moustach pou aksyon sa a.
An menm tan tou, Prezidan Trump rejte yon deklarasyon konseye sekirite nasyonal li a, John Bolton, te fè sa pa gen lontan pou l di Lèzetazini ta dwe aplike modèl libyen an nan ka Kore di Nò a.
XS
SM
MD
LG