Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Kritike Ankèt sou yon Posib Enplikasyon Larisi nan Eleksyon 2016 la

Prezidan Donald Trump (adwat) ki t ap bay Prezidan ris la, Vladimir Putin (agoch) lanmen nan okazyon Somè G-8 la nan vil Hambour, ann Almay, an juiyè 2017. (Foto: AP/Evan Vucci)
Prezidan Donald Trump (adwat) ki t ap bay Prezidan ris la, Vladimir Putin (agoch) lanmen nan okazyon Somè G-8 la nan vil Hambour, ann Almay, an juiyè 2017. (Foto: AP/Evan Vucci)

Prezidan Donald Trump te pale nan La Mezon Blanch nan jounen jedi 12 avril 2018 la pou l fè pwomosyon pou rezilta yon plan refòm fiskal administrasyon li a te pwopoze e ke Kongrè a vote sa pa gen lontan. Sepandan, ankèt lajistis amerikèn ap mennen sou swadizan enjerans Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la, te nan lespri li tou apre li te monte sou kont Twitter li pou l denonse jounal New York Times poutèt li pibliye yon nouvèl ki di lidè ameriken t ap anvizaje yon mwayen pou l te revoke anketè espesyal Robert Mueller pandan ane 2017 la.

Komisè espesyal Robert Mueller (adwat) ki t ap kite Kongrè a apre li te fin fè depozisyon li devan manm Sena a sou ankèt l ap mennen sou yon swadizan konbinezon ant Larisi ak responsab kanpay elektoral Trump la anvan eleksyon novanm 2016 la. (Foto: Washington, Etazini, 21 jen 2017).

​Anvan sa, se pa 2 pawòl piman-bouk Prezidan Trump pa t pale kont ankèt espesyal sa a aprè ajan FBI te fe kèk desant-de-lye nan kabinè avoka pèsonèl li, Michael Cohen, nan kay rezidans ak chanm otèl Misye Cohen. Prezidan Trump di:

<< E sa se yon wont. Franchman, se yon veritab wont, bagay sa a. Se yon atak sou peyi nou an nan yon sans reyèl; e se yon atak sou tout prensip ki senbolize sistèm nou an. >>

Bò kote pa l, pòtpawòl Mezon Blanch la, Sarah Huckabee-Sanders, fè konnen otorite yo nan administrasyon Trump la ap swiv sitiyasyon an de prè e avèk antansyon ofi-e-a-mezi ankèt sou Larisi a ap evolye. Pòtpawòl Mezon Blanch la deklare:

Pòtpawòl La Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, pandan yon pwendprès nan Washington.
Pòtpawòl La Mezon Blanch la, Sarah Huckabee Sanders, pandan yon pwendprès nan Washington.

" Prezidan an deja pale klè pou l di direkyon li wè komisè espesyal la pran ak ankèt la; direksyon li wè divès lòt envestigasyon ap pran depi kek tan, se bagay ki a li bon jan preokipasyon."

Jounen jodi a youn nan nouvo dosye La Mezon Blanch ap swiv de prè, se yon liv ansyen direktè Biwo Ankèt Federal la (FBI) la, James Comey, pral pibliye semèn pwochèn nan (Prezidan Trump te revoke direktè Comey nan mitan ane 2017 la). Nap swiv dosye sa yo de prè e avèk atansyon, epi n a kenbe lektè, entènòt ak telespektatè nou yo 0kouran de jan y ap evolye.

XS
SM
MD
LG