Accessibility links

Breaking News

Desant-de-lye FBI nan Biwo Mèt Michael Cohen, Avoka Prezidan Donald Trump

Prezidan Donald Trump (dwat) epi komisè espesyal Robert Mueller. Mèt Mueller ap dirije yon ankèt sou enfliyans Larisi sanble te genyen sou eleksyon prezidansyèl 2016 la pou favorize viktwa M. Trump. (Foto: AFP/Brendan Smialowaski).

FBI fè yon desant-de-lye nan kabinè avoka pèsonèl Prezidan Donald Trump la, Michael Cohen, e yo sezi divès dokiman -pami yo gen dosye sou yon relasyon entim prezidan an te swadizan genyen ak yon vedèt film dekòlte pou granmoun. Se jounal New York Times ki bay nouvèl la.

Mèt Stephen Ryan -avoka Michael Cohen nan- deklare fouy sa a "se yon aksyon ki totalman pa apwopriye e pa nesesè." New York Times fè konnen ajan FBI yo sezi dosye konvèsasyon ki te dewoule ant Mèt Cohen avèk Prezidan Trump.

Daprè Mèt Ryan, otorite jistis federal yo te jwenn yon manda ki otorize yo al fouye nan biwo avoka prezidan an aprè yo te resevwa yon rekòmandasyon avèk siyati komisè espesyal Robert Mueller ki nan tèt yon ankèt sou eleksyon 2016 la. Mèt Stephen Ryan deklare fouy sa a "se yon aksyon ki totalman pa apwopriye e pa nesesè."

Stormy Daniels (vrè non li se Stephanie Clifford) pandan li tap bay jounalis Anderson Cooper yon entèvyou pou "60 Minutes", yon pwogram ki pase chak dimanch sou chèn TV CBS. Pwogram sa a te pase nan kòmansman mwa mas 2018 la

New York Times di ajan FBI yo sezi dosye konvèsasyon ki te dewoule ant Mèt Cohen avèk Prezidan Trump. Gen lontan depi nouvèl ap silike pou di Mèt Cohen te peye vedèt film dekòlte Stormy Daniels 130 mil dola kèk jou sèlman anvan eleksyon 2016 la pou dam nan pat pale de relasyon li avèk Donald Trump. Prezidan ameriken an di li pat okouran de pèman lajan sa a ki, daprè kèk espesyalis, reprezante yon kontribisyon elektoral ilegal.

XS
SM
MD
LG