Accessibility links

Breaking News

Popilarite FACEBOOK bese - Konpayi an Pèdi Konfyans 1 Ameriken sou 4


PDG Facebook la, Mark Zuckerberg (Foto Achiv: REUTERS/Stephen Lam).
PDG Facebook la, Mark Zuckerberg (Foto Achiv: REUTERS/Stephen Lam).

Ameriken yo pa pèdi tan pou yo pèdi konfyans nan Facebook aprè yon seri kontwovès ki pete sou kesyon pou konnen kijan konpayi sa a trete enfòmasyon pèsonèl e pètèt ki jan li rive fè sikile sa ki rele "nouvèl fo", "enfòmasyon fabrike".

Nan moman fondatè Facebook, Mark Zuckerberg, ap pare pou l antre Washington nan jounen madi 10 avril 2018 la, pou l fè depozisyon devan manm kongrè a, yon rechèch ke konpayi Digital Citizens Alliance (yon òganizasyon veye-yo ki garanti sekirite sou Entènèt la) montre ke yon ameriken sou 4 deklare "Facebook se pa yon konpayi ki gen sans responsabllite, paske le pli souvan li bay pwofi pèsonèl pwiyorite sou nesesite pou l fè yon travay kòrèk e onèt."

Plis ke yon tyè nan ameriken yo panse FACEBOOK, ki geyen 2 milya itilzistè atravè lemond, se yon konpayi "responsab, paske le pli souvan li eseye fè yon travay ki onèt e korèk, menmsi sa ka lakoz li fè mwens pwofi."

XS
SM
MD
LG