Nan pwogam lib tribin Lavwadlamerik prezante chak mèkredi ak chak vandredi nan mitan jounen an, Dyaloge ak Etazini, edisyon mèkredi 28 mas 2018 la, tèm nan sete disparisyon jounalis-fotograf ayisyen Vladjimir Lagagneur ke te kite kay li nan Pòtoprens nan dat 14 mas pase a e ki pa janm retounen. Envite yo sete:
- Lilane Pieerre-Paul, jounalis de karyè e ko-direktris Radyo-Tele Kiskeya nan Pòtoprens;
-Enspektè Frantz Lerebourg, pòt-pawòl PNH (Police Nationale d’Haiti).
-Epi Joseph Guylère C. Delva, jounalis de karyè e direktè-fondatè òganizasyon defans dwa jounalis SOS Jounalis.
Madam Pierre-Paul anonse, malgre sa gen 2 semèn deja depi Misye Lagagneur disparèt, ANMH (Association Nationale des Médias Haitiens) ap kontinye demach yo pou wè si tout bagay kapab debouche sou yon konklizyon ki satisfè fanmi jounalis la ak kòlèg li yo.
Enspektè Lerebourg –ki apiye lide Madam Pierre-Paul lanse pou sosyete a toujou rete vijilan pou l defann prensip demokratik yo- ensiste sou le fèt ke nan ane ki pase yo Ayiti reyalize bon jan pwogrè nan domèn respè dwamoun e anpil nan aki sa yo “irréversible”, sa vle di anyen pa kapab defèt yo, daprè Misye Lerebourg.
Jounalis Guy Delva ki, li menm tou, fè konnen SOS Jounalis ap kontinye rechèch li yo, lanse apèl pou l mande sosyete a apiye madanm jounalis-fotograf la, Fleurette Guerrier Legagneur, ki bezwen bon jan antouraj pou l pase kap sa a. Delva mansyone yon nimero telefòn (4401-5989) piblik la kapab itilize pou bay enfòmasyon sou afè a, tandiske gouvènman an ofri yon rekonpanss ki monte rive 400 mil goud pou tout enfòmasyon ki ta ka pèmèt otorite yo rejwenn jounalis-reporter a, “anvi oubyen nenpòt kijan”, pou n site Guy Delva.
Pandansetan, nan memm jounen mèkredi 28 mas 2018 la, anpil asosyasyon jounalis ayisyen òganize yon mach nan Pòtoprens pou yo mande otorite yo redouble efò nan kad demach yap fè pou rezoud disparisyon reporter-fotograf Vladjimir Lagagneur.