Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Press: Asosyasyon Jounalis yo Reklame Limyè sou Disparisyon Foto-reporter Vladjimir Legagneur


WASHINGTON, DC —
Sa gen plis pase yon semenn (12 jou pi presizeman lendi 26 mas 2018 la) depi reporter jounalis Vladjimir Legagneur te disparèt nan Pòtoprens aprè li te kite kay li pou al fè yon repòtaj nan zòn Grande Ravine, nan Martissant.
Nan edisyon 26 mas la, Jounal Le Nouvelliste atire atansyon sou enkyetid disparisyon sa a te kòmanse bay Asosyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo (ANMH), sitou poutèt silans aparan otorite lapolis ak lajistis sou dosye a.
Sepandan, nan yon entèvyou prezidan SOS Jounalis, Guylère C. Delva, bay Lavwadlamerik, li fè konnen responsab konsène yo ba li garanti ke yo pap dòmi sou dosye a menmsi yo pa fè bri ak aksyon yap mennen pou yo leve vwal la sou mistè ke disparisyon sa a reprezante jiskisi pou kòporasyon jounalis ayisyen yo e pou fanmi reporter la an patikilye, tou spesyalman madanm li.
Misye Delva di VOAKREYOL li pran kontak nan fen apre-midi jounen lendi 26 mas la ak yon reprezantan lòd ak lajistis, enspektè Normil Rameau (DCPJ), e ak yon ofisyèl ki pwòch laprès, Minis Kominikasyon an, Limonde Toussaint; 2 ofisyel sa yo konfime otorite yo ap fè tout efò posib pou yo brake limyè sou sa ki rive Vladjimir Legagneur. Moun kap viv nan zòn Grande-Ravine deklare, san yo pa bay detay, reporter la ta deja mouri; sepandan Guy Delva, ki lage dout sou sous enfòmasyon sa a kòm “sous ki pa merite konfyans”, reponn pou l di toutotan li pa gen “evidans”, toutotan li pa gen prèv ki pèmèt verifikasyon nouvèl sa a, SOS Jounalis pral kontinye reklame retou Vladjimir Legagneur; e si li ta mouri vrèman, asosyasyon an ap reklame jistis pou li.
Bò kote pa l, òganizasyon entènasyonal defans dwa jounalis, Reporters Sans Frontières, lanse apèl bay otorite ayisyen yo pou mande yo pran direksyon ankèt ki dwe fèt pou fè limyè definitivman sou ka fotojounalis la ki disparèt depi le 14 mas 2018 la.
XS
SM
MD
LG