Accessibility links

Breaking News

Fondatè Facebook la, Mark Zuckerberg, Rekonèt Konpayi Li a te Komèt Erè


Mark Zuckerberg, Fondatè, Prezidan Direktè Jeneral Facebook. (Foto: AP/Jeff Roberson, Dosye).
Mark Zuckerberg, Fondatè, Prezidan Direktè Jeneral Facebook. (Foto: AP/Jeff Roberson, Dosye).

Fondadatè Facebook la, Mark Zuckerberg, rekonèt konpayi li a te komèt yon erè klè akoz wòl li nan yon eskandal konsènan koleksyon ilegal done ak enfòmasyon; sepandan, nan yon parèt li fè nan televizyon (yon bagay li fè raman), li pa prezante okenn eskiz.

Nan yon entèvyou Zuckerberg bay chèn televizyon CNN mèkredi 21 mas 2018 la, li pa bay detay sou sa li rele "erè" Facebook te komèt la; men li pwomèt pou l tcheke tout aplikasyon yo epi fè yon odit total-kapital sou dosye a.

Vandredi 16 mas pase a, Facebook te fè konnen depi ane 2015 konpayi an te okouran ke yon espesyalis britanik, Aleksandr Kogan, te pataje ilegalman done kliyan FB yo avèk yon konpayi rechèch ki aparaman te sèvi ak enfòmasyon plizyè milyon itilizatè pou l bati pwofil kanpay politik yo Ozetazini -pami yo genyen kanpay prezidansyèl Donald Trump la.

Fondatè Facebook la resevwa anpil kritik poutèt li pat mete kliyan li yo okouran ensidan 2015 la. An plis entèvyou avèk CNN nan, Mark Zuckerberg pibliye yon deklarasyon ekri kote li lanse apèl bay piblik la pou mande l kontinye fè Facebook konfyans.

XS
SM
MD
LG