Prezidan Barack Obama lanse apèl bay manm Kongrè a pou l mande yo vin fè plis negosyasyon avèk li sou bidjè federal la nan la Mezon Blanch aprè li pat rive jwenn yon antant sou kesyon an avèk lidè repibliken yo.
Se konsa tou misye Obama pral bay, lendi 11 jiyè 2011 la, yon konferans pou laprès kote li pral santre atansyon n sou defisi nasyonal la ak negosyasyon sou plafon dèt la.
Dimanch, prezidan ameriken an te rankontre pandan yon ti bout tan avèk lidè Kongrè a nan La Mezon Blanch kote yo te pale de sa k reprezante jiskaprezan yon antant difisil pou jwenn ak repibliken yo sou plan administrasyon n nan genyen pou l leve nivo plafon dèt la.
Rankont la te dire 90 minit- sa vledi li te pi kout pase sa 2 pati yo te espere a. Laprès pa rapòte okenn pwogrè.