Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon sou Fòmasyon Wo Eta Majò Nouvo Fòs Zame d Ayiti a


Ministè defans ayisyen an, Hervé Denis, ap fè preparasyon pou enstalasyon Wo Kòmandman Fòs Zame d Ayiti a nan jou kap vini yo. Mesye Denis, ki reyaji sou kritik kèk sektè pote kont manm Wo Eta Majò a, di Lavwaldlamerik ofisyen siperyè sa yo te sibi yon kontwòl sere e byen strip avan Prezidan Jovenel Moise te chwazi yo. Pami sektè ki kritike fòmasyon Wo Kòmandman lame tou nèf la, genyen BAI (Bureau des Avocats Internationaux) ki denonse youn nan manm yo deske non li site pami moun ki responsab yon masak politik ki te fèt nan Raboto, tou prè Gonayiv, nan Depatman Latibonit la, ann Ayiti.
Nap raple daprè yon nòt pou laprès Biwo Kominikasyon Prezidans la te pibliye, fòmasyon Wo Eta Majò lame a prezante konsa:
1) Général de Bridage Sadrac SAINTIL, FAD’H, Chèf Eta-Majò Général;
2) Kolonèl Jonas JEAN, FAD’H, Enspektè Jeneral;
3) Kolonèl Jean-Robert GABRIEL, FAD’H, Asistan Chèf d’Eta-Majò G1/G3;
4) Kolonèl Derby GUERRIER, FAD’H, Asistan Chèf d’Eta-Majò G2/G4;
5) Kolonèl Joseph Jacques THOMAS, FAD’H, Sekretè Eta-Majò Jeneral;
6) Kolonèl Fontane BEAUBIEN, FAD’H, Manm Eta-Majò Pèsonèl Kòmandan an Chèf la.
XS
SM
MD
LG