WASHINGTON, DC —
Preske yon milyon moun rete san kouran elektrik sou kòt ès Lèzetazini aprè yon gwo tanpèt te pote jiska 60 santimèt nèj sou rejyon an. Sepandan, daprè espesyalis meteo yo, anvan nèj sa a fin fonn li posib pou yon 3èm tanpèt frape rejyon an nan kòmansman semèn pwochèn nan.
Gwo nèj ki tonbe a ak glas li pote avèk li, lakoz otorite yo fèmen lekòl yo epi anile ou ranvwaye plizyè milye vòl avyon atravè rejyon an. Daprè Sèvis Nasyonal Meteo ameriken an, li posib pou jiska 45 santimèt nèj tonbe ankò sou pati nò Nouvèl Angletè.
Gouvènè Eta Pennsilvani ak New Jersey deklare eta dijans. Konsa biwo konsène yo jwenn lajan Leta pou yo lanse operasyon sekou ak lòt kalte asistans pou sinistre yo si sa nesesè. 2 moun mouri; youn se yon granmoun fi 88 tan ki trepase aprè yon pyebwa te tonbe sou li nan vil Suffern, nan Eta New York.