Accessibility links

Breaking News

Yon Jeneral Ameriken Di Kongrè a Se Larisi Ki Reponsab Enstablite nan Siri a


 Jeneral Ameriken, Joseph Votel
Jeneral Ameriken, Joseph Votel

Yon gwo jeneral Etazini akize Larisi deske li simen grenn enstabilite nan Siri e atravè Mwayen Oryan an.

Chef Kommand santral Etazini an, Jeneral Joseph Votel di palmantè yo yè madi a Moskou pa apiye yon plan seselfe pou Siri; yon plan yo te ede redije nan Nasyon Zini.

Jeneral Votel ajoute Larisi pa admet li pa kapab oubyen li pa vle jwe yon wòl nan mete fen nan konfli Siria . Li fè konnen li panse wòl yo vreman destabilizan nan pwen sa a.

XS
SM
MD
LG