Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rankont ak Elèv, Paran ak Pwofesè sou Sekirite nan Lekòl Yo Ozetazini

De goch a dwat: Jonathan Blank, elèv nan Lise Marjory Stoneman Douglasss;, Julia Cordover, prezidan Komite Elèv yo nan menm lise a, ak Prezidan Donald Trump, nan yon dine La Mezon Blanch te òganise mèkredi 21 fevriye 2018 la sou sekirite nan lekòl yo Ozetazini. (Foto: AP/Carolyn Kaster).

Prezidan Donald Trump te fè oganize yon dine a nan La Mezon Blanch, mèkredi 21 fevriye 2018 la, kote li rankontre ak divès elèv, etidyan, paran yo ak pwofesè yo ki te viv eksperyans atakan ak zam-a-fe sou lekòl elèv ak etidyan sa yo pandan 2 dizèn dane ki pase yo. Objektif rankont sa a sete chache mwayen pou garanti sekirite nan lekòl yo Ozetazini epi envite repetisyon ensidan mòtèl sa yo.

Prezidan Trump te pran lapawòl pou l lanse lide pou ansyen manm lame ta ofri sèvis yo nan lekòl yo kòm ajan sekirite; li anonse otorite federal yo pral pran lide sa a an konsiderasyon. A yon sèten moman Misye Trump te poze kesyon pou l mande :

"Eske tout moun dakò ak lide sa a?"

Kèk moun te leve men yo nan sal-a-manje a; epi Prezidan an te poze yon kesyon pi dirèk pou l mande:

"Kilès moun ki pa dakò ak pwopozisyon an?"

Andrew Pollack, papa elèv ki frekante Lise Marjory Stoneman Douglas, avèk pititgason li, pandan li t ap pale de pitifi li, Meadow, ki te mouri nan atak ki te fèt nan lekòl la mekredi 14 fevriye pase a. Misye Pollack te pale pandan Prezidan Donald Trump t ap koute temwayaj sivivan atak ki te fèt nan lekòl Ozetazini ak yon gwoup etidyan. Rankont sa a te fèt nan La Mezon Blanch mèkredi 21 fevriye 2018 la.

Sou 40 elèv, etidyan, paran ak pwosefè ki te prezan, pi fò te leve men yo; sa vle di yo pa apiye lide a. Majorite moun ki bay reyaksyon yo atire atansyon sou lefèt ke pa tèlman genyen gwo amelyorasyon nan sekirite lekol yo depi yon atakan te touye divès elèv ak pwofesè nan yon lekòl nan vil Colombine nan Eta Colorado an 1999, epi, sa gen 5 kan, yon lòt atakan te touye anpil moun nan lekòl primè Sandy Hook, nan Eta Connecticut, kote majorite viktim yo sete timoun ki te gen 6 zan ak 7 tan. Mèkredi 14 fevriye pase a, yon jennomm 19 van, Nikolas, Cuz, te jwenn mwayen ouvè koutzam nan Lise Marjory Stoneman Douglass, nan vil Parkland, tou pre Miami, kote li te touye 17 moun.

Pitisipan yo pwopoze yon seri de dispozisyon konbine pou mete fen nan tandans terib sa a -pami dispozisyon sa yo, genyen pi bon swen pou sante mantal jenn ameriken yo, nouvo pwotokòl sou sekirite ak kontwòl zam ki pi sevè sou tout tèritwa Lèzetazini.

XS
SM
MD
LG