Accessibility links

Breaking News

Ansyen Prezidan Perivyen Alberto Fujimori Pral Jije pou Vyolasyon Dwamoun


Ansyen Prezidan Alberto Fujimori pandan li t ap rive nan tribinal pou yon pwosè sou akizasyon deske li te mele nan detounman fon Leta pou l te manipile laprès lè li te sou pouvwa a (Foto: Lima, Pewou, 8 janvye 2015).
Ansyen Prezidan Alberto Fujimori pandan li t ap rive nan tribinal pou yon pwosè sou akizasyon deske li te mele nan detounman fon Leta pou l te manipile laprès lè li te sou pouvwa a (Foto: Lima, Pewou, 8 janvye 2015).

Kèk semèn sèlman aprè ansyen prezidan peyi Pewou a, Alberto Fujimori, te jwenn padon anvan li te fin sibi yon pèn 25 kan prizon, li resevwa lòd pou l konparèt devan yon tribinal ankò pou l jije pou yon afè separe ki gen rapò ak vyolasyon dwamoun.

Nan jounen lendi 19 fevriye 2018 la, Tribinal Kriminèl Nasyonal la te rann yon jijman ki di ansyen lidè a, ki genyen 79 van, kapab gen pou l jije pou asasina 6 moun anba men gwoup paramilitè yo nan lane 1992.

Nan mwa desanm 2017 la, pou rezon medikal Prezidan Pedro Pablo Kuczynski te padome Misye Fujimori ki malad anpil apre yon revizyon te jwenn li tap soufi ak yon maladi k ap febli li e ki pa ka geri. Fujimori te dirije Pewou ant 1990 ak lane 2000. An 2009 yo te jwenn li koupab pi abi dwamoun ki te fèt sou prezidans li a; pami yo genyen otorizasyon li te swadizan bay eskadwon lamò pou yo te komèt asasina. Nan ka sa a, daprè Tribinal Kriminèl Nasyonal la, padon Fujimori te resevwa a pa anpeche lajistis jije li.

Padon Prezidan Kuxzynski te bay Fujimori a te pwovoke manifestasyon nan lari nan Pewou e li te jwenn kondasyon anpil militan dwamoun atravè lemond. Gen perivyen ki panse padon sa a sete rezilta yon antant illegal ki ta fèt pou pwoteje Prezidan Kuczynski kont yon jijman ak revokasyon sou akizasyon deske li ta mele nan zak koripsyon.

XS
SM
MD
LG