Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rejte Nosyon Kòmkwa se Larisi ki Te Pèmèt li Ranpòte Eleksyon Prezidansyèl la.


Prezidan Trump ki t ap reyaji sou ankèt konsènan entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini.
Prezidan Trump ki t ap reyaji sou ankèt konsènan entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini.

Prezidan Trump rejte kategorikman yon fwa ankò, madi 20 fevriye a, pawòl kòmkwa se entèferans Larisi nan prezidansyèl 2016 la ki te pèmèt li ranpòte laviktwa. Trump site ansyen Prezidan Barack Obama ki ta di, yon ta tan anvan vòt la, pa t gen prèv ki ta montre ke pèsonn te ka trike rezilta yo.

Nan yon tweet Misye Trump pibliye madi, li di Obama pa t reyaji kont entèferans Larisi a paske li te kwè se rival li a, kandida demokrat la Hillary Clinton, ki ta pral ranpòte laviktwa; konsa li pa t nesesè pou l reyaji.

Trump ajoute : "Lè m te ranpòte Kolèj Elektoral la ak yon gwo fasilite, tout bagay te vin chanje; la tou, sèl pawòl ki te nan bouch Demokrat yo, sete ekskiz entèferans Larisi a... " "Mwen pi di lontan ak Ris yo ke Obama. Gade reyalite a. Lòt kan an ap bay fo nouvèl."

Prezidan Trump bat bravo pou pwogram televizyon prefere li a, "Fox News and Friends", poutèt li pibliye yon lis tout sa li konsidere kòm "echèk Administrasyon Obama a" nan efò pou konbat entèferans militè Lari nan peyi Siri ak aneksyon Preskil Krime a nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG