Accessibility links

Breaking News

Achevèk Desmond Tutu Demisyone kòm Anbasadè Bòn Volonte pou OXFAM


Achevkèk Desmond Tutu
Achevkèk Desmond Tutu

Nouvèl ki sòti Afrik di Sid fè konnen ansyen achevèk Desmond Tutu, ki te ranpòte Pri Nobèl Lapè a, anonse lap bay demisyon li kòm anbasadè bòn volonte pou òganizasyon byenfezans britanik OXFAM poutèt akizasyon ki do manm pèsonèl òganizasyon an ki t al travay nan peyi ki gen kriz te peye pwostitye pou yo te gen relasyon seksyèl avèk yo alòske yo te ale nan peyi sa yo pou sèvi popilasyon an.

Yon deklarasyon ki söti nan biwo Misye Tutu fè konnen li "desi anpil-anpil anprann nouvèl ki di kòmkwa anplwaye OXFAM yo te komèt zak imoral e kriminèl." Biwo a ajoute "Misye Tutu voye bay OXFAM yon lèt "pou fè yo konnen li pran retrèt li kòm anbasadè mondyal" òganizasyon an.

Desmond Tutu -ki genyen 86 zan- fe deklarasyon piblik trè raman akoz pwoblèm sante. Aktris britanik Minnie Driver ak mizisyen senegalè Baaba Maal, yo menm tou, bay demisyon yo kòm anbasadè bòn volonte OXFAM.

Minis Devlopman Entènasyonal Lagrann Bretay nan, Penny Mordaunt, lanse avètisman pou l di gouvènman an kapab sispann finansman li ofri gwoup la chak ane si OXFAM pa bay bon jan eksplikasyon pou sa k pase a -pou ane 2017 la kontribisyon sa a te monte rive 43 milyon 800 mil dola.

Nan jounen jedi 15 fevriye 2018 la, Minis Mordaunt te rankontre ak direktè jeneral Ajans Jesyon Krim Britanik la pou yon chita-pale sou akazasyon kòmkwa gason ki gen vis seksyèl konn antre nan òganizasyon chririte yo pou yo kapab kontake pi fasilman moun ki vilnerab yo.

XS
SM
MD
LG