Accessibility links

Breaking News

Dènye Nouvèl sou yon Fiziyad ki fè 17 Mò nan yon Lekòl Nan Florid, Ozetazini.


Nikolas Cruz, atakan ki touye 17 moun nan yon lise Packland la, nan sid Eta Florid, nan jounen mèkredi 14 fevriye 2018 la.
Nikolas Cruz, atakan ki touye 17 moun nan yon lise Packland la, nan sid Eta Florid, nan jounen mèkredi 14 fevriye 2018 la.

Otorite yo nan pati sid Eta Florid, Ozetazini, akize yon jennòm 19 van, Nikolas Cruz, deske li responsab asasina premedite 17 moun nan kad dènye fiziyad an dat ki te dewoule nan yon lekòl nan peyi a.

Lapolis arete akize a apre atak sa a ki te dewoule Mèkredi 14 fevriye 2018 la nan Lise Marjory Stoneman Douglas, nan vil Pakland, sou yon distans 70 kikomèt ak Miami. Yo di misye sete yon ansyen elèv nan lise a e li te ouvè kout-zam andeyò etablisman an epi li te antre anndan an kote li te kontinye tire anvan, finalman, li te antre nan foul elèv yo pandan yo tap kouri sòti.
Anplis 17 moun ki mouri yo, otorite yo di atak mèkredi a voye anpil lòt lopital.

Gov. Rick Scott ki pat kache sezisman li apre atak nan lekòl Packland la.
Gov. Rick Scott ki pat kache sezisman li apre atak nan lekòl Packland la.

Chèf polis Konte Broward la, Scott Israel, di li konsidere atak sa a kòm "yon asasina tèrib, kòm yon zak detestab." Pandan misye Israel tap pale ak laprès, li fè konnnen atakan an te gen nan men l yon fizi AR-15 plis anpil chajè plen bal; epi pami viktim yo genyen ni timoun ni granmoun. Chèf polis l ajoute:

<< Mwen totalman choke e degoute lè m wè timoun ki ale lekòl avèk sak liv yo sou do yo, avèk plim e kreyon nan men yo, epi pou yo pèdi lavi yo konsa. Nan peyi sa a nou fèt pou n chanje bagay yo, nou fèt pou n di yon bagay. Si nou konstate yon konpòtman dwòl, yon konpòtman ki pa nòmal, nou dwe rapòte sa bay otorite lokal yo. >>

Pandan ankèt la t ap kontinye nan kòmansman jounen jedi a, elèv ak pwofesè bay detay tou nèf sou atakan an. Anketè yo tcheke aktivite Cruz te konn mennen sou entènèt la; yo ale fouye, pa egzanp, nan kont li genyen sou rezo sosyal yo; yo di yo dekouvri "kèk bagay ki ba yo gwo sezisman". Chèf polis Scott Israel pa bay detay; sepandan li di yo te mete Cruz deyò nan lekòl la pou endisiplin.

Nan kòmansman jounen jedi a, Prezidan Donald Trump pibliye yon nòt sou kont Twitter li kote li deklare:

<<Te tèlman gen siyn ki te montre atakan Florid la te gen pwoblèm mantal; yo te menm mete misye deyò nan lekòl li pou move konpòtman, pou konpòtman ki pat nòmal. Vwazen ak kondisip li yo te byen konnen misye te ka poze gwo pwoblèm. Se pou nou toujou rapòte bagay konsa bay otorite yo; se pou nou rapòte yo tout tan e san mank. >>

((https://twitter.com/realDonaldTrump/status/964110212885106689 ))

Anvan Gouvènè Eta Florid la, Rick Scott, t al wè viktim yo ak manm fanmi yo nan yon lopital, li te bay reyaksyon li sou atak la; li di sa k rive a "se tou senpleman yon zak mechan, se travay le mal."

Ajans nouvèl Associated Press site yon elèv ki di yo te mete Nikolas Cruz deyò nan lekòl la apre li te goumen avek boyfriend yon ansyen mennaj li; apre sa li t al enskri nan yon lòt lekòl. Daprè yon lòt elèv, atakan an te gen repitasyon kòm yon moun ki te "enstab matalman"; "yo pat dwe kite yon moun konsa gen zam nan men li ditou-ditou."

Jounal Miami Herald site yon pwofesè ki, limenm, fè konnen Cruz te menase anpil moun nan lekòl la ane pase a.

Senatè Chris Murphy (Demokrat Eta Connecticut) lonje dwèt sou Kongrè a poul di kòmkwa li ki ta responsab pou "flewo sa a ki rele fiziyad nan lekòl amerikèn yo." Misye Murphy deklare:
<< Si sa rive nan peyi isit, se pa yon konyensidans; se pa paske nou pa gen chans; men se konsekans aksyon nou pa pran. Se nou ki responsab lanmò pa bann e pa pakèt sa yo kap rive nan peyi nou an e ki pa gen prarèy okenn lòt kote nan lemond. Si ou se yon lidè politik epi ou pa fè anyen pou w korije sitiyasyon sa a, ou se yon konplis. >>
Nouvèl la raple se nan Eta Connecticut ou jwenn yon lekòl ki rele Sandy Hook Elementary School, kote 20 elev ak 6 pwofesè te pèdi lavi yo nan yon atak an 2012.

XS
SM
MD
LG