Accessibility links

Breaking News

Apèl Prezidan Trump pou Kongrè a Chache Solisyon pou Pwoblèm Jenn Imigran yo


Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan retrèt palmantè repibliken yo. (Foto: Premye fevriye 2018).
Prezidan Donald Trump ki te pran lapawòl nan retrèt palmantè repibliken yo. (Foto: Premye fevriye 2018).
Prezidan Donald Trump te pran lapawòl, nan jounen jedi premye fevriye 2018 la, nan okazyon retrèt palmantè repibliken yo ap fè nan Vijini Oksidantal kote y ap planifye estrajeji yo pou pwochen ane ki fèk kòmanse a. Lidè ameriken an pwofite okazyon an pou l mande palmantè yo apiye yon pwopozisyon-lwa sou imigrasyon epi ede plis kandida repibliken ranpòte laviktwa nan eleksyon mi-manda ki pral dewoule nan mwa novanm 2018 la.
Prezidan an denonse Demokrat yo ki, daprè li, pa sispann kritike pwopozisyon-lwa sou refòm nan sistèm imigrasyon an. Misye Trump di:
Prezidan Trump nan sit touristik Greenbrier, n an vil White Sulphur Springs, nan Vijini Oksidantal, nan okazyon retrèt palmantè repibliken yo (Foto: 1e fevriye 2018).
Prezidan Trump nan sit touristik Greenbrier, n an vil White Sulphur Springs, nan Vijini Oksidantal, nan okazyon retrèt palmantè repibliken yo (Foto: 1e fevriye 2018).
"Demokrat yo absan. Yo disparèt. N ap mande kote yo ye? Nou pa tande opinyon yo sou pwopozisyon nou fè a. Mwen pa kwè yo vle rezoud sitiyasyon ti moun ak jenn moun ki te antre nan peyi a ak paran yo san dokiman legal. Mwen pa kwè yo vle pale de sa. Mwen kwè yo vle kouche ankwa devan tout solisyon. Ou konenn? Pozisyon yo se reziste. Non mouvman yo a se “Reziste”.
Prezidan Trump pale de machedlabous la ki pran jarèt ak rediksyon ki fèt nan to chomaj la Ozetazini. Lidè ameriken an pran kredi pou efò administrasyon li a fè pou elimine kèk règleman ki jere sektè dafè a epi pou lejislasyon sou rediksyon taks li te siyen sa pa gen lontan pou l fè vini yon lwa.
XS
SM
MD
LG