Accessibility links

Breaking News

Yon Jij nan New York Rejte Yon Apèl Prezidan Trump ki Mande Fen Pwogram DACA a


Manifestan ki te pran lari nan vil Washington DC pou yo mande Kongrè ameriken an pwoteje pwogram DACA a.
Manifestan ki te pran lari nan vil Washington DC pou yo mande Kongrè ameriken an pwoteje pwogram DACA a.

Ozetazini, yon jij federal, ki ap prezide yon pwosè kont yon lòd Prezidan Donald Trump te pase pou l mande Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon mete fen nan yon pwogram ki pwoteje jenn imigran ilegal yo, eben, jij la deklare li pa kapab fèmen je l sou sa li rele "tout gwo bri Trump te fè" avèk yon seri de deklarasyon anti-imigran.

Non jij sa a se Nicholas Garaufis. Pandan li t ap prezide yon odyans nan Brooklyn, vil New York madi 30 janvye 2018 la, li di: "Nan peyi sa a, aprè plis pase 230 lane, se pa yon bagay nòmal. Se yon bagay ki ra; men li repete souvan; se yon mechanste."

Sepandan Jij Garaufis pa fikse yon dat pou l pran yon desizyon.

Nouvèl la raple Prezidan Trump di Meksiken yo se kadejakè ak asasen, e, daprè sa laprès rapòte, li di Ayisyen gen SIDA epi li te di Ayiti, Salvadò ak peyi afriken yo se "twou malpwòpte"...

Paran jenn ti imigran sa a jwenn pwoteksyon kont depòtasyon gras ak DACA. Anpil nan imigran konsène yo pa konnen okenn peyi, eksepte Lèzetazini.
Paran jenn ti imigran sa a jwenn pwoteksyon kont depòtasyon gras ak DACA. Anpil nan imigran konsène yo pa konnen okenn peyi, eksepte Lèzetazini.

Kèk nan moun ki te pote plent yo rele Prezidan Trump nan tribinal pou anpeche li mete fen nan pwogram DACA a, swa yon pwogram ki pwoteje kont depòtasyon plizyè santèn milye jenn migran ki te vin Ozetazini pandan yo te piti ak paran yo ki te antre nan peyi a ilegalman.

Pou pi fò nan yo, Lèzetazini se sèl peyi yo konnen. Gras ak DACA a, jenn imigran sa yo kapab travay, etidye e menm posede biznis Ozetazini. Gen anpil nan yo ki antre nan lame amerikèn. Prezidan Trump bay Kongrè a jous mitan mwa mas 2018 la pou li jwenn yon solisyon pou pwoblèm jenn imigran yo.

XS
SM
MD
LG