Komisyon Sèvis Sekrè Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an vote (Repibliken yon jan, Demokrat yon lòt jan) vote pou otorize piblikasyon yon memorandòm Repibliken yo te prepare e ki ta montre ke ofisyèl yo nan Depatman Lajistis ameriken an ta pare pou yo fè pati-pri kont Prezidan Donald Trump.
Pèsonalite ki te prepare memo a se prezidan komisyon an, Depite Devin Nunes. Dokiman an fè konnen Biwo Ankèt Federal la (FBI) te abize Lwa sou Siveyans Enfòmasyon Sekrè Konsènan Etranje pou yo te kapab jwenn manda seveyans ilegalman; pou sa, yo te sèvi ak yon dosye non-verifye sou Prezidan Trump ak Larisi ke yon ajan sèvis sekrè sritanik, Christopher Steele, te prepare.
Kèk lidè Repibliken, ki deja li dokiman an, vle fè konprann kòmkwa li gen ladan n enfòmasyon ki ta kapab deraye totalman ankèt pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen sou dosye Larisi a; sa gen lontan depi Prezidan Trump ap di li konsidere ankèt sa a kòm "yon chas o sòsyè."
Semèn pase a, yon otorite wo-plase nan Depatman Jistis la te lanse yon apèl prese bay Depite Nunes pou mande l pa pibliye memo a paske, dapre ofisyèl la, sa ta kapab nui sekirite nasyonal Lèzetazini ak ankèt kap dewoule yo. Depite Eta Kalifòni Adam Schiff -pi gwo Demokrat nan komisyon an, ki t ap pale nan jounen lendi 29 janvye a- deklare: "Jounen jodi a se jou ki pi tris nan tout istwa komisyon sa a."