Accessibility links

Breaking News

Vizit Manm Konsèy Sekirite l'ONU an nan Washington DC


Prezidan Trump (mitan) avèk Sekretè Deta Tillerson (agoch) epi anbasadè Nikki Haley (adwat) nan yon dejene travay avèk manm Konsèy Sekirite l'ONU an. (Washington 29 janvye 2018).
Prezidan Trump (mitan) avèk Sekretè Deta Tillerson (agoch) epi anbasadè Nikki Haley (adwat) nan yon dejene travay avèk manm Konsèy Sekirite l'ONU an. (Washington 29 janvye 2018).
Manm Konsèy Sekirite Oganizasyon Nasyon Zini vizite Washington lendi 29 janvye 2018 la. Yo te genyen yon dejene travay ak Prezidan Donald Trump e yo pwofite pou yo ekzaminen kèk swadizan pyès misil ki sòti nan peyi Iran.
Manm Konsèy yo te gen okazyon pou yo wè kèk gwo moso misil koutpòte Anbasadè Lèzetazini an nan l'ONU, Nikki Haley, te prezante bay medya yo nan yon konferans pou laprès nan mwa desanm pase a nan yon baz militè nan Washington.
Nan moman an, anbasadè Haley te prezante ekipman militè a kòm yon prèv “pèsonn pa ka demanti” e ki montre Iran t ap ame ilegalman militan Houthi yo nan peyi Yemèn.
XS
SM
MD
LG