Accessibility links

Breaking News

Afaganistan Af Fè Fas yon Seri Atak Teworis Prèske Chak Wikenn


Polis nan Afganistan ki sou pals kote atak la fèt douvan jou lendi 29 janvye 2018 la.
Polis nan Afganistan ki sou pals kote atak la fèt douvan jou lendi 29 janvye 2018 la.

Pandan wikenn pase yo, moun nan peyi Afganistan viktim oubyen temwen yon seri de atk kamikaz san presedan. Douvanjou, lendi 29 janvye 2018 la sou yon inite lame afghan an tou prè akademi militè nan kapital Afghanistan an, Kabul, yon gwoup ki gen omwen 5 asayan lanse yon atak mòtèl, touye 2 solda e blese 10 lòt pandan ensidan an ki fèt sou yon inite lame kap bay sekirite nan yon akademi.

Temwen ki te sou plas fè konnen batay ki tap fèt tou prè Inivèsite defans nasyonal Marshal Fahim nan te kontinye. Potpawòl ministè defans la ajoute pou l di te gen yon kamikaz ak 2 rebèl pami moun ki mouri nan boukantaj kout zam nan. Otorite yo arete yon asayan e yo kontinye ap chache lòt sispèk. Ajans Nouvel Reuters rapote gwoup eta islamik la pran responsablite pou atak sa a.

Bilan: 103 mò e 235 blese. Dapre minis enteryè a Wais Barmak, gen plizyè polisye pami viktim yo. Washington kondane atak sa agwoup teworis eta islamik revandike.

XS
SM
MD
LG