Accessibility links

Breaking News

Prezidam Trump Di Le Pare pou l Reponn Kesyon FBI sou Espyonal Larisi Ozetazini


 Prezidan ameriken an Donald Trump
Prezidan ameriken an Donald Trump

Prezidan ameriken an Donald Trump fè konnen li gen volonte pou reponn nenpòt kesyon sou sèman nan kad envestigasyon anketè espesyal Robert Mueller ap menen sou entèferans Larisi nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 yo.

Prezidan an di jounalis yo nan Lamezon Blanch "mwen pa kapab tann pou m reponn kesyon yo. Mwen tan renmen fè l".

Sa gen plizyè mwa prezidan an te di li ta 100 pou 100 dakò pou l rankontre anketè Mesye Mueller yo, men sa pa gen lontan li te poze kesyon pou mande pou ki rezon yon entèvyou ta nesesè etan done pat gen mank-e-melanj ant otorite larisi yo ak kanpay prezidansyèl pati repibliken an pou ede ranpòte eleksyon yo devan rival pati demokrat la Hillary Clinton.

Prezidan Trump twouve l pou lemoman nan peyi Lasuis kote lap patisipe nan somè Mondyal sou Ekonomi an.

XS
SM
MD
LG