Accessibility links

Breaking News

Minis Defans Ayiti a, Hervé Denis, Detaye yon Plan Defans Nasyonal devan Konsèy Pèmanan l'OEA


Manm Polis Nasyonal d Ayiti nan yon parad devan Akademi Polis la nan Pòtoprens, Ayiti.
Manm Polis Nasyonal d Ayiti nan yon parad devan Akademi Polis la nan Pòtoprens, Ayiti.
Minis defans Ayisyen an, Hervé Denis, prezante, nan fen matine kèkredi 24 janvye 2017 la, devan Konsèy Pèmanan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Washington, gran pwen ki nan « Liv Blan sou Defans Nasyonal ak Sekirite pou Devlopman Ekonomik e Sosyal Durab Peyi d Ayiti. »
Dokiman sa a --ki detaye mizanèv yon estrateji ak yon politik nasyonal kòm pilye yon devlopman ekonomik ak sosyal- pwovoke reyaksyon pozitif bò kote reprezantan plizyè lòt peyi ki te pran lapawòl pou bay Ayiti apui yo.
Minis Denis mete aksan sou enpòtans "yon polis fò ak yon lame fò"; yon polis ki pral asire sekirite andan vil yo; yon lame ki pral pran pozisyon nan zòn fwontyè peyi a e k ap la pou pote sekou lè gen dezas natirèl.
Konsèy Pèmanan l'OEA a nan katye jeneral òganizasyon rejyonal la nan Washington, DC.
Konsèy Pèmanan l'OEA a nan katye jeneral òganizasyon rejyonal la nan Washington, DC.
Hervé Denis, ki te deja rankontre ak manm Junt Entè-Ameriken Defans la, te vin Washington sitou pou l mande patnè Ayiti yo ede peyi a mete ann aplikasyon prensipal objektif ki nan liv blan an.
Nap raple dokiman sa a rele "Liv Blan sou Defans Nasyonal ak Sekirite pou Devlopman Ekonomik e Sosyal Durab peyi d Ayiti." Se yon inisyativ ansyen prezidan Michel Martelly te pibliye nan mwa jen 2015.
XS
SM
MD
LG