Accessibility links

Breaking News

Vis Prezidan Ameriken an, Mike Pence, Konfime Transfè Anbasad Amerikèn nan ann Izrayèl pou Ane 2019 la


Vis Prezidan Mike Pence ak Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, ki t ap rankontre nan Jerizalèm lendi 22 janvye 2018 la.
Vis Prezidan Mike Pence ak Premye Minis izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, ki t ap rankontre nan Jerizalèm lendi 22 janvye 2018 la.
Vis Prezidan ameriken an, Mike Pence, ki t ap pale lendi 22 janvye a, deklare Lèzetazini pral deplase anbasad li genyen nan Tel Aviv la pou mete li nan Jerizalèm anvan fen ane 2019 la.
Pandan Misye Pence te pran lapawòl devan Knesset la, palman izrayelyen an nan Jerizalèm, li di: " Nan semèn kap vini yo, administrasyon nou an pral avanse ak plan li genyen pou l transfere anbasad nou nan Jerizalèm e misyon diplomatik sa a pral ouvè anvan fen ane 2019 la."
Vis Prezidan Pence ajoute: "Jerizalèm se kapital Izrayèl; se poutèt sa Prezidan Trump pase Depatman Deta lòd pou l kòmanse fè preparasyon pou l wete anbasad nou an nan Tel Aviv epi plase li nan Jerizalèm."
Drapo ameriken an ki t ap flote devan anbasad Lèzetazini an nan Tel Aviv. (Foto Achiv, 4 out 2013).
Drapo ameriken an ki t ap flote devan anbasad Lèzetazini an nan Tel Aviv. (Foto Achiv, 4 out 2013).
O kòmansman Sekretè Deta Rex Tillerson te di transfè a ta kapab pran plizyè lane. Sepandan nan jounen lendi a, pòtpawòl Depatman Deta a, Heather Nauert, konfime nouvèl kòmkwa "administrasyon Trump la ap pouse pou pi devan ak pwojè li genyen pou l transfere anbasad li a nan Jerizalèm e misyon diplomatik la pral kòmanse travay anvan fen 2019."
Madam Nauert pibliye tou yon deklarasyon kote li di Sekretè Deta Tillerson "pale klè pou l di priyorite nimewo 1 an se Sekirite."
XS
SM
MD
LG