Accessibility links

Breaking News

Fen yon Toune yon Semèn Pap Franswa nan Chili ak Pewou


Pap Franswa pandan li tap rive nan College Carlos ak Marcelo nan Trujillo, o Pewou, nan dat 20 janvye 2018 la.
Pap Franswa pandan li tap rive nan College Carlos ak Marcelo nan Trujillo, o Pewou, nan dat 20 janvye 2018 la.

Pap Franswa mete fen nan yon toune yon semenn nan Chili ak Pewou avèk yon mès li chante dimanch 21 janvye 2018 la nan Lima, Pewou, devan plis pase yon milyon fidèl. Toune sa a pwovoke gwo pawòl-anpil.

Pap Franswa ki tap ranontre ak evèk perivyenyo nan rezidans achevèk la nan Lima, Pewou, dimanch 21 janvye 2018 la.
Pap Franswa ki tap ranontre ak evèk perivyenyo nan rezidans achevèk la nan Lima, Pewou, dimanch 21 janvye 2018 la.

Anvan sa, nan yon rankont ak evèk perivyen yo, Pap la te di politik nan Amerik Latin nan pi malad ke li an bòn sante. Aprè sa Pap la te lonje dwèt kòm egzanp sou gwo konpayi konstriksyon brezilyen Odebrecht ki ta peye otorite yo plizyè santèn milyon dola kòm kout-lajan anba tab.

Souvren Pontif la sibi atak poutèt li te di pa gen prèv ki montre evèk chilyen Juan Barros te okouran abi seksyèl yon prèt ki rele Fernando Karadima te komèt sou timoun. Sepandan chèf Legliz Katolik Womèn nan te prezante ekskiz li bay viktim abi pè yo komèt sou ti fidèl yo.

XS
SM
MD
LG