Accessibility links

Breaking News

Depite Frederica Wilson (D-FL) Rejte Desizyon ki di Ayiti Pa Kalifye pou Viza Travayè Sezonye


Depite Frederica Wilson (D-Fla.).
Depite Frederica Wilson (D-Fla.).

Depite Eta Florid, Frederica WIlson, ki reyaji sou desizyon administrasyon Trump la pran pou l mete Ayiti sou lis peyi ki pa kapab benfisye de viza travayè sezonye H-2A ak H-2B, pibliye yon nòt pou laprès kote li kondane desizyon sa a. Nòt pou laprès la di:

<< Avèk desizyon administrasyon Trump la pran pou l wete Ayiti sou lis peyi ki ka benefisye viza H-2A ak H-2B yo, PrezidanTrump montre, yon fwa ankò, li se a la fwa yon rasis e yon ipokrit. Nouvèl ki anonse desizyon an parèt egzatteman yon jou kote Prezidan an te bay ajans nouvèl Reuters yon entèvyou kote li te deklare li "renmen pèp ayisyen an" alòske se le kontrè li te di semèn pase a sou Ayiti avèk peyi afriken yo. Yon moun ki gen santiman pou Ayiti ak pèp li a, pap janm apwouve yon aksyon san jantiyès konsa ki pat menm nesesè.>>

Depite Frederica Wilson (adwat) avèk kòlèg Repibliken li Chris Smith (R-NJ) nan yon konvèsasyon devan Kongrè ameriken an.
Depite Frederica Wilson (adwat) avèk kòlèg Repibliken li Chris Smith (R-NJ) nan yon konvèsasyon devan Kongrè ameriken an.

Pi lwen nan nòt pou laprès la di:

<< Nan entèvyou avèk Reuters la, Prezidan Trump ensiste pou l di "Ayisyen se yon pèp ki travay di"; e se la verite. Avèk viza tanporè sa yo, travayè ayisyen yo abitye antre Ozetazini pou yo fè travay ke byen souvan Ameriken pa menm pran tan pou yo anvizaje fè. Le fèt ke yo anpeche Ayisyen jwenn viza sa yo pral genyen move konsekans non sèlman pou moun ki konn aplike pou yo, men tou pou pwopriyetè fèm, elvè ameriken ak lòt mèt biznis ki konte sou fòs-kouraj anplwaye sa yo pou yo ka fè manje ak lòt pwodui ale nan boutik ameriken yo ak sou tab fanmi amerikèn yo. Alòs se non sèlman yon desizyon ki mechan, men an menm tou se yon desizyon ki pa lojik.>>

----------------------------------------------------------------------------------

Depite Frederica Wilson se yon palmantè ki reprezante Eta Florid nan Chanm Bas Lèzetazini an. Li sou 4èm manda li kòm depite e li reprezante yon sikonkripsyon ki kouvri pati nò Awondisman Miami-Dade ak pati nòdès Awondisman Broward. Li se manm Komisyon Transpò ak Enfrastrikti, Edikasyon ak Travay Chanm dè Reprezantan an nan Washington, DC.

XS
SM
MD
LG