Accessibility links

Breaking News

Senatè Ben Cardin (D-Maryland) Egzije Eksplikasyon sou Eliminasyon TPS


Sen. Ben Cardin (Dem-Maryland, adwat), pandan li tap bay yon konferans pou laprès avèk Senatè John McCain (R.-Ariz) nan Kongrè a nan Washington.
Sen. Ben Cardin (Dem-Maryland, adwat), pandan li tap bay yon konferans pou laprès avèk Senatè John McCain (R.-Ariz) nan Kongrè a nan Washington.

Senatè demokrat Ben Cardin deklare, nan jounen jedi 18 janvye 2018 la, li pral bloke pwovizwaman nominasyon Carlos Trujillo kòm anbasadè Lèzetazini nan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) jiskaske Depatman Deta va fè li-menm, palmantè a, jwenn enfòmasyon sou pwosesis priz de desizyon ki te debouche sou eliminasyon TPS (Stati Pwoteje Tanporè a) pou imigran Ayiti ak peyi santwo-ameriken yo. Misye Cardin di:

<< Entansyon mwen se bloke nominasyon sa a nan Kongrè a jiskaske Depatman Deta va reponn kesyon m nan.>>

Imigran ki tap pwoteste Ozetazini pou yo mande Leta ameriken konsève pwogram TPS la.
Imigran ki tap pwoteste Ozetazini pou yo mande Leta ameriken konsève pwogram TPS la.

Senatè Cardin ajoute Depatman Deta a pat okipe pandan plizyè mwa yon douzèn rekèt li te fè pou l mande kopi rekòmandasyon anbasad peyi Salvadò, Ondiras, Nikaragwa ak Ayiti ki te gen rapò ak yon ekstansyon oubyen eliminasyon pwogram rezidans tanporè a pou chak nan peyi yo.

Administrasyon Trump la deja mete fen nan pwogram TPS la pou Salvadò, Ayiti ak Nikaragwa e li gen pou l pran yon desizyon sou Ondiras pi ta ane sa a. Desizyon sa yo baze sou analiz ki fèt ni nan Depatman Deta ni nan Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an; sepandan Senatè Cardin di wòl Depatman Deta nan yon desizyon konsa nan le pase pat nòmal ditou-ditou.

XS
SM
MD
LG